Accessibility links

Breaking News

Espay, Itali ak Almay Domine Klasman FIFA a


Foutbòl

Pa gen chanjman ki fèt pami 3 premye peyi nan klasman FIFA publiye jodi a kèk jou match eliminatwa koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Espay toujou nan tèt klasman jeneral la ansanm ak Itali ak Almay. Brezil amelyore pou l klase 4 trièm. La Oland, kwasi, Arjantin ak Republik Chèk, . La rusi klase 9 vièm epi Pòtugal konplete lis 10 meyè seleksyon FIFA a. Etazuni klase 21 nièm mondyal

Ukrè n wouze Ejipt 5 a 1 pou l pran tèt group C a nan kad koup du mond football an sal kap dewoule O brezil.

Gwatemala ap chache kalifye pou 2 zièm tou apre tronse la chin 10 a 1.

Nan group D a Republik Tchèk rache yon viktwa 4 a 2 nan men Libi pou l klase 3 zièm nan group D a.

Iran suprann Urugwe ak yon viktwa 4 a 2 pou l klase 2 zièm ak 7 pwen dèyè Espay. Brezil se sèl seleksyon ki gen tikè l pou 2 zièm tou a.

Nan lig chanpyon KONKAKAF la Houston Dinamo ranpòte yon vikwa 2 a 1 devan San Francisco. Cruz Azul fè match nul 1 a 1 ak CD Marathon.

Volebòl de Plaj

Meday dò olenpik ameriken Misty May-Traenor subi yon operasyon nan pye pou repare yon ligaman.

Cyclisme

Unyon Siklis Entènasyonal la dakò pou siklis ameriken Lance Armstrong soti nan retrèt pou l retounen sou sèn entènasyonal la.Sa vle di Armstrong kapab patisipe nan kous bisiklèt Ostrali a an Janvye 2009. Unyon Siklis entènasyonal la fè yon eksepsyon sou pwogram anti dopaj pou l pèmèt Armstrong patisipe nan kous bisiklèt Ostrali a 2 semen avan.

Yon responsab wo plase komite olenpik entènasyonal la sugjere siklis eliminen nan Je yo apre otorite yo dekouvri 2 siklis pozitif pou yon bann ki entèdi nan spò. Thomas Bach, vis prezidan Komite Olenpik Entènasyonal la, fè konnen anons ki fèt yè Madi kòm kwa 2 siklis yon alman ak yon Italyen teste pozitif se siy ki montre pap gen chanjman donk li kwè li nesesè pou elimine disiplin nan nan je zolenpik yo.

Komite Olenpik Entènasyonal la anonse plan pou l reteste echantiyon lit e pran pandan je zolenpik yo pou l chache tras substans entèndi nan spò.

XS
SM
MD
LG