Accessibility links

Breaking News

Kesyon Doub Sitwayènte a Retounen Ankò Nan Chanm Depite Ayisyen an


2 depite ayisyen ki ta renonse a nasyonalite ayisyèn yo resevwa entèdiksyon pou yo pa asiste seyans palman an ann'atandan lajistis pwononse li sou ka yo. Se sa prezidan Komisyon Sou nasyonalite Chanm depite a, Arsène Dieujuste, di Lavwadlamerik. Msye Dieujuste deklare genyen 2 "etranje" kap syeje nan Palman an e ke li mande Asanble Depite a enfòme ekzekitif la sou ka depite yo epi defere kesyon an devan lajistis. Se pa premye palmantè ayisyen ki twouve l' pran nan angrenaj kesyon doud sitwayènte sa a. Nan mwa Janvye 2008 la, Senatè Rudolph Boulos te oblije bay demisyon li nan gran kò a pou yon afè menm jan an.

Pou plis detay sou sitiasyon 2 palmantè sa yo, fè yon klik sou ralonj ki anlè atik sa a, kote nou kapab koute tou lòt nouvel kap fè aktyalite a. Si ou bezwen plis nouvèl toujou ale agòch paj web sa e klike sou pwogram midi ak pwogram apre midi a, ou ankò sou achiv 7 jou pou n' tande segman ki enterese nou an.

NDLR: Atik 11 konstitisyon 1987 la di ki moun ki ayisyen: tout moun ki genyen papa li ou manman li ayisyen ki, yo menm, te genyen manman ak papa yo ayisyen lè yo tap pran nesans e ki pat janm renonse a nasyonalite yo se Ayisyen.

E Konstitisyon 1987 la di pi lwen nan Atik 15 lan Ayiti pa admè doub nasyonalite nan okenn sikonstans.

XS
SM
MD
LG