Accessibility links

Breaking News

Tiraj Osò UEFA a Dewoule Maten an


Foutbòl / UEFA

Tiraj osò koup UEFA a dewoule maten an nan Nyon an Swis pou pwochen faz tounwa a football la. Milan AC ki ranpòte 7 koup Eropeyen ap rankontre klub angle Portsmouth nan group E a. Nan menm group la nou jwen klub olandè SC Heerenveen, Braga de Portugal, klub alman Wolfsburg. Tounwa a ap demare 23Oktòb. 3 premye nan chak group yo ak 3 zièm nan ap kalifye pou 16 zièm de final la kap kòmanse an Fevriye 2009.

Nan group C a nou jwen klub Espayòl FC Seville fas a klub alman Stuttgart, Sampdoria de Jè n, Patizan de Belgrad ak Standard de Liege.

Group A gen ladann Shalke 04, Paris Sen Jermain. Manchester City, Racing Santander ak FC Twente.. Group B a Tottenham, Galatasaray, Hertha Berlen ak Metalist Kharkiv.

Nan group D a Tottenham, Spartak de Moskou, Udinese Dinamo de Zagreb ak NEC Nijmegan. Group F la nou jwen Hambourg, Ajax Amsterdam, Slavia de Prag, Aston Villa ak Zilina.

Group G a gen Valencia, FC Bruges, Rosenborg, FC Coppenhagen epi Saint Etienne. Group H la nou jwen CSKA, Feyernoord, Nancy ak Lech Poznan.

Final la ap dewoule nan Istanbul an Turki le 20 Me.

Foutbòl/ Angletè

Nan lòt nouvèl dèt 5 milya 200 milyon dola lig angle a genyen bay kè sote.

Responsab yo di dèt la pa sèlman local men tou ak lòt enstitusyon finansye mondyal.

Foutbòl / Etazini

Minnesota Vikings ranpòte yon viktwa supriz sou New Orleans 30 a 27 gras ak yon kou fran 3 pwen li make 13 sekond avan fen tan reglemantè a. 2 ekip yo gen menm palmarès 2 viktwa 3 defèt.

Foutbòl/ Beckham

Mitan teren seleksyon Angle a David Beckham resevwa suspansyon yon match pou akumulasyon katon jòn. Beckham fè pati seleksyon ki pral reprezante Angletè nan pwochen match kalifikatif koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Nan raple Etazuni gen pou rankontre Kuba Samdi kap vini la a isit Washington.

Prezidan FIFA a Sepp Blatter fè konnen kantite etranje kap achte klub football premye divizyon a kapab destabilize lig la. Msye Blatter mande palman Eropeyen an pou l franchi etap nesesè pou l fasilite lyezon ak klub yo ak peyi a. Dapre nouvèl yo etranje gen majorite aksyon nan 7 klub Angle.

Prezidan FIFA Sepp Blatter kritike dirijan Eropeyen yo ki ogmante kantite peyikap patisipe nan faz final champyona kontinan an ak 24.

FIFA dakò pou l pa sispann Federasyon Football Polòy la apre responsab pwomèt pou yo fè eleksyon pou ranplase komite de fakto a. Sa vle di Polòy ap kapab jwe match kalifikatif koup du mond Samdi ak Mèkredi kap vini la a.

Foutbòl / KONKAKAF

Kèk match kap dewoule nan lig dè champyon KONKAKAF la Houston Dinamo ap jwe kont San Francisco FC, Cruz Azul kont CD Marathon.

Nan chanpyona du mond an sal Pòtugal danse sou Etazuni 8 a 1 epi Japon pilon-nen Kuba 4 a 1.

Tenis

Ansyen numewo 1 tenis mondyal maskulen an ap retounen sou sikwi tenis entènasyonal la apre yon operasyon li te fè nan hanch te kenbe l lwen teren an. Hewitt anonse patisipasyon nan tounwa tenis Intènasyonal Sydney a an Janvye 2009.

Siklis/ Dopaj

Siklis Italyen Leonardo Piepoli ak alman Stefan Schumacher se 2dènye siklis ki teste pozitif pou dròg entèdi nan kous bisiklèt Tour de Frans la.

Federasyon Siklis alman an anonse lap kòmanse pran aksyon kont Stefan Schumacher apre li te teste pozitif nan Tour de Frans la.

Dapre nouvèl yo siklis la kapab fè fas ak yon suspansyon 2 zan san bliye amand.

XS
SM
MD
LG