Men kèk nan prensipal nouvèl jounen an :
Plizyè santè n milye adolesan ayisyen pran chimen lekòl jodi lendi 6 oktòb la, kèk semèn apre ouragan te fòse responsab yo ranvwaye ouvèti ofisyèl ane skolè a. Korespondan nou Rotchild François Junior fè konnen Minis Edikasyon Nasyonal la rekonèt difikilte paran yo rankontre nan moman sa a.
Premye Minis ayisyen an, Michèle Duvivier Pierre-Louis fè konnen se responsabilite gouvènman an pou l rekonstwi peyi a. Korespondan nou Montigène Sincère gen deklarasyon chèf gouvènman an.
Otorite ayisyen yo kontinye ap degaje-yo kou Mèt Jan-Jak pou pote asistans bay popilasyon ki sinistre depi pasaj dènye siklòn yo. Nan Plato Santral, gen divès operasyon ki sou pye. Dabò, nou pral nan vil Hinche ak korespondan-nou Sainlus Augustin. Epi, nan Mirebalais, Jean Christophe Collegue di nou yon òganizasyon prive kòmanse distribye asistans bay andikape fizik yo.
Anfen, yon palmantè ayisyen mande responsab agrikòl yo pou asiste fèmye yo apre move tan ki sakaje peyi a. Wilson Dubuisson gen nouvèl sa a depi vil Boston.
Ou ka koute tout repòtaj sa yo si ou fè klik sou ralonj ki anlè foto a.