Accessibility links

Breaking News

2 Kandida pou Pòs Vis-Prezidan Ameriken, Sarah Palin ak Joe Biden, fè Deba sou Politik Nasyonal e Entènasyonal Lèzetazini


Etazini-Politik: Kandida pou pòs vis-prezidan an, Demokrat Joe Biden ak Repibliken Sarah Palin, patisipe yè-swa (jedi 2 oktòb la) nan sèl deba ki prevwa ant yo 2 a pou kanpay 2008 la. Pandan plis pase 90 minit, Madam Palin ak Misye Biden abòde divès kesyon ki gen rapò ak politik nasyonal e entènasyonal Lèzetazini, pa egzanp :

-Fason gouvènman Bush la jere dosye Lagè Irak la ;

-Kriz sektè finansye ameriken an ap tavèse a;

-Pozisyon kandida a la prezidans yo –Demokrat Barack Obama ak Repibliken John McCain) sou pwoblèm sa yo…

Pandansetan, pri aksyon yo sou mache labous yo sou kontinan azyatik la e ann Ewòp bese jodi vandredi a nan moman envestisè yo kontinye gen kè-sote devan le fèt ke ekonomi amerikèn nan ap travèse yon kriz manch long. Se konsa, endis Nikkei la (o Japon) sibi yon bès preske 2 pousan; nan Hong Kong bès la rive preske nan nivo 3 pousan e pri yo bese tou nan Bombey (peyi Lend), nan Sengapour e nan Sidney (Ostrali). Pi gwo endis yo ann Ewòp --tankou nan vil Lond (Angletè) , Pari (Frans) ak Frankfort (Almay) -- fè yon ti bese nan premye tranzaksyon ki fèt jodi vandredi a.

Anfen, nouvèl yo fè konnen sipò ap ogmante nan Kongrè ameriken an pou yon plan sovtaj 700 milya dola pou sektè finansye a anvan Chanm Depute a re-vote sou plan sa a jodi vandredi a. Anpil palmantè republiken e demokrat ki te vote kont plan an lendi pase a, anonse yo dispoze kounyela a pou yo apwouve l. Lidè majorite a nan Chanm dè Reprezantan an, Steny Hoyer (Demokrat Eta Maryland), panse genyen bon jan chans pou pwojè-lwa a pase fwa sa a.

Pou w tande yon repòtaj sou deba ant Madam Palin e Misye Biden nan, klike sou lyen anlè a.

XS
SM
MD
LG