Accessibility links

Breaking News

Maria Sharapova Repoze Rakèt li


Tennis/ Sharapova

Ansyen numewo 1 tenis mondyal feminen Rus Maria Sharapova anonse li pap patisipe nan dènye tounwa tenis pwofesyonèl kap dewoule an Novanm nan Doha Katar akoz blesu lap soufri nan zèpòl. Tounwa Doha a ap dewoule soti 4 pou fini 9 Novanm

Rus Dinara Safina kalifye pou kar de final tounwa tenis Grand Prix kap dewoule nan Stuttgart an Almay gras ak 2 kout rakèt li pase Bèlj Tsevtana Pironkova 6-1, 7-6.


Siklis / Dròg

Komite Olenpik Italyen an suspann pou 2 zan siklis Italyen Riccardo Ricco apre li te teste pozitif nan 2 zièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la ane sa a. Entèdiksyon an ap pran fen 30 Juyè 2010. Komite Olenpik Italyen an te redui suspansyon an a 18 mwa apre siklis te rekonèt li koupab men yo ajoute 6 mwa akoz se yon doktè renonmen pou dopaj atlèt ki te preskri dròg la.

Dapre règleman yo Ricco pap elijib pou l patisipe nan kous bisiklèt Tour de Frans la ak Tour dItali a. Avoka kap defann siklis di yo prale an apèl ak desizyon an

Foutbòl / Eròp

Arjanten Lionel Messi make 2 gòl nan fen match la ak pandan arè de je yo pèmèt FC Barselòn ranpòte yon viktwa 2 a 1 devan devan klub Ukrenyen Shakhtar Donestsk nan group C a kote Sporting de Lisbòn wouze FC Bal 2 a 0. Liverpool ak Atletiko de Madrid domine group D a apre viktwa yo ranpòte. Liverpool pilonnen PSV Eindhoven 3 a 1 pandan ke Atletico de Madrid te fè anpil efò avan li kale Olenpik de Marseille 2 a 1. Nan group A CFR Cluj rache yon match nul nan men Chelsea pou mete a 4 pwen. AS Wòm ranmase yon 3 pwen enpòtan apre viktwa 3 a 1 li ranpòte devan Bordo. Inter de Milan fè match nul 1 a 1 fas a Werder de Brem.

Foutbòl / KONKAKAF

Bò lakay DC United tonbe 1 a 0 devan Cruz Azul donk matematikman elimine nan lig chanpyon KONKAKAF la. CSD Munisipal fè match nul 2 a 2 ak Porto Riko Islanders, Luis Angel Firpo soufri avan li kale San Francisco 1 a 0 epi Enpak de Montreal suprann CD Olempia ak yon viktwa 2 a 1.

Foutbòl an Sal

O Brezil kote chanpyona du mond football an sal la ap dewoule. Gwatemala ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Ejip. Arjantin danse sou la Chin 5 a 0. Chanpyon sòtan an Espay te fè anpil efò pou l rache yon match nul fas a Iran 3 a 3. Libi fè match nul 3 a 3 ak Urugwe.

Foutbòl/ FIFA/ Polòy

FIFA bay responsab spò yo an Polòy juska Lendi pou rechouke federasyon football la yon tribunal te revoke pou efò yo pat fè pou konbat korupsyon nan lig lokal yo. FIFA di si disi Lendi manb federasyon an pa retounen nan pòs yo eh byen la Polòy pap kapab diskute match kalifikatif koup du mond li gen pou jwe kont Republik Tchèk le 11 Oktòb epi Slovaki le 15 Oktòb. La Polòy nan tèt group 3 ak 4 pwen.

Baskètbòl Feminen


Detroit Shock shoke San Antonio Silver Stars ak yon viktwa 77 a 69 nan premye rankont seri 5 match final chanpyona basketball feminen. 2 ekip yo ap rankontre Vandredi pou 2 zièm rankont yo.


XS
SM
MD
LG