Aktè e filantwòp ameriken Paul Newman, 83 zan, desede lakay li yè nan Westport, Eta Connecticut, anba maladi kansè dapre yon kominike fondasyon Newman nan, Newman's Own, pibliye jodi samdi 27 septanm nan. Paul Newman, jwe nan plis pase 60 film, pami-yo: Exodus, La chatte sur un toit brûlant avèk Elizabeth Taylor (1959, 10 sitasyon pou yon pri Oscar Hollywwod) Butch Cassidy et le Kid, l'Arnaqueur, ak la couleur de l'argent.
Nan yon entèviou li te bay chèn televizyon ABC nan mwa me 2007, msye Newman te anonse lap sispann karyè sinema li paske li te estime li pa kapab remèt ankò menm kalte pèfòmans li atann de tèt li. Newman te di avèk laj kap antre, "ou koumanse pèdi memwa, ou koumanse pèdi konfyans nan tèt ou ak kapasite pou'w inove.
Pou rezon sa a li te di jwe nan film se yon paj li vire nan vi li. Paul Newman, marye depi 1958 ak aktris Joanne Woodward, swa youn nan maryaj ki dire pi lontan nan mond Hollywood la. Akote karyè aktè ak pilòt otomobil li, Newman te aktif anpil nan èv charite atravè sosyete pwodui alimantè li a "Newman's Own" ki fabrike tout yon varyete pwodui, sòt sou vinegrèt pou salad janbe nan pat tomat pou tonbe sou pop-corn, elatriye.
Depi 1982, tout benefis li reyalize nan lavant pwodui sa yo (200 milyon dola) al jwenn oganizasyon kap travay ak moun defavorize toupatou atravè lemond. Apre 55 kan karyè, Paul Newman jwe ou mete vwa li nan 75 film ak seri televize. Dènye a se yon film desen anime konpayi Disney-Pixar ki rele "Machinn 4 wou" ki parèt nan ane 2006. Men film pi selèb Paul Newman ki siman ap rete pou lontan ankò nan lespri sinefil yo se:Exodus, Luke la main froide, Butch Cassidy et le Kid, avek Robert Redford, zanmi li ki kwè pataje avèk li gwo konviksyon ak valeur demokratik.
Paul Newman te pran nesans 26 janvye 1925. Li ranpòte yon Oscar pou film la couleur de l'argent an 1987.