Foutbòl / Eròp
Unyon Football Eropeyen an anonse faz final koup dEròp dè Nasyon an kapab gen 24 peyi olye de 16 a pati de 2016. Delege yo gen pou vote sou desizyon an jodi a. Sa vle di prèske mwatye 53 peyi manb Unyon an ap kalifye pou faz final pi gran konpetisyon football sou kontinan an.
Dapre nouvo fòma a 24 finalis yo ap divize an 6 group de 4. 2 premye nan chak group ap kalifye pou faz dechoukaj la ansanm ak 4 meyè 3 zièm yo. Ap gen yon total 51 rankont konpare a 31 nan edisyon pase yo e konpetisyon an ap dure ant 29 ou 31 jou.
Responsab Unyon Football Eropeyen ap reyuni an Desanm pou deside si wi ou Stad Wemble a an Angletè kapab akeyi final Lig Chanpyon Eropeyen an an 2011.
A pati de sezon pwochen an koup UEFA a ap rele Europa Lig ap patisipasyon 48 klub kap jwe nan group fòma ak vizit ale/retou. Se jodi a komite ekzekutif Unyon Footbal Eropeyen an pran desizyon an.
Koup Deròp dè Nasyon an toujou ap dewoule an tandèm ant Ukrèn ak Polòy men responsab yo di yap rete ak je yo louvri sou preparasyon yo. Responsab yo pa ekate posibilite pou konpetisyon an dewoule nan yon lòt peyi si pwoblèm yo kontinye
FIFA / Afrik
FIFA retounen an pati sou desizyon li te pran pou tout match kalifikatif koup du mond 2010 la ki fikse pou 11 Oktòb zòn Afrik jwe a menm lhè( 1 hè) pou evite yon peyi pa gen yon avantaj sou lòt la. Peyi Afrik de Lwès yo pwoteste desizyon an akoz tanperatu ap rive juska 40 degre santigrad.
FIFA fè konnen gen match kap oblije ansanm ak sutou nan group kote pèsonn poko konnen ekip ki klase premye ak 2 zièm nan.
Antrenè seleksyon Brezil la Dunga konvoke 22 jwè ki pral defann drapo peyi nan match kalifikatif koup du mond kont Venezuela ak Kolonbi. Vedèt Milan AC a Ronaldhino pa figure sou lis la men Kaka, ki jwe dènye rankont pou Brezil an Novanm, retounen an penpan.
Foutbòl / Regional
Nan lig football balonwon ameriken an Chicago Fire kan-kannen Los Anjeles Galaksi 3 a 2 yè swa pou mete l nan 3 zièm pozisyon nan konferans de Lès la ak 41 pwen pandan ke Los Anjeles ap klase avan dènye ak 29 pwen.
Klub Panameyen Tauro Football Klub te fè anpil efò avan li kale CSD Munisipal 2 a 1 nan Lig Chanpyon KONKAKAF la.
Nan group Amerik Latin nan U-20 Gwatemala fè match nul 1 a 1 ak Beliz. Salvador kale Panama 2 a 1.
Franse Bruno Metsu nonmen kòm nouvo antrenè seleksyon Katar la nan plas Jorge Fossati. Responsab yo te pouse do ansyen antrenè Fossati apre li te finn yon operasyon nan vant e ke li tap pran twòp tan pou l rekupere. Pwochen match koup du mond Katar la ap rankontre Ostrali 15 Oktòb.
Siklisme
Unyon Siklis Entènasyonal la siyen yon akò ak ògainzatè Tour de Frans la pou mete fen nan diskusyon ki genyen pou konnen group ki kontwole disiplin spòtif la. Dapre antant la prevwa kreyasyon yon nouvo kalandriye mondyal a pati de 2009.
Siklis Kolonbyen Fabio Andres Duarte ranpòte chanpyona du mond mwens de 23 zan kategori maskulen. Duarte ranpòte konpetisyon an, ki tap dewoule nan Varese an Itali, devan Simone Ponzi.
Meda m yo ap antre nan won demen Samdi a.
Natasyon
Najè ameriken Michael Phelps ki sot ranpòte 8 meday dò Olenpik aksepte yon don 250 mil dola nan men yon konpayi pou fondasyon charite li mete sou pye apre je zolenpik yo. Najè a louvri fondasyon gras a 1 milyon dola li te resevwa nan men yon lòt konpayi apre li te ranpòte 8 meday dò nan yon sèl je zolenpik. Fondasyon Michael Phelps la ap ak ankouraje pwoteksyon nan dlo ak natasyon pou ti moun.
Tennis
Chinwa Zheng Jie suprann Sèb Ana Ivanovic ak yon viktwa surpriz 7-6, 2-6, 6-4 pou l kalifye pou semi final tounwa tenis Open China a kap dewoule nan vil Peken. Lòt kalifye yo se Sèb Jelena Jankovic, Rus Svetlana Kuznetsova ak Vera Zvonareva.
Sèb Novak Djokovic kale Swedwa Robin Soderling 6-4, 7-5 pou l kalifye nan semi final tounwa tenis Open Tailand la. Djokovic pral rankontre Tchèk Tomas Berdych ki elimine franse Nicolas Mahut 7-6, 6-3. Franse Jo-Wilfried Tsonga pral rankontre konpatriòt li Gael Monfils nan lòt semi final la.