Lidè ameriken an, George W. Bush, te preside yon rankont espesyal nan La Mezon Blanch jedi 25 septanm 2008 la, rankont kote li-menm ak responsab 2 chanm yo (Repibliken kou Democrat) te gen pou abòde kriz k ap trakase sektè finansye a o Zetazini. Kandida a la prezidans 2 pati yo, Demokrat Barrack Obama ak Repibliken John McCain, te patisipe tou nan reyinyon sa a. Daprè deklarasyon ni misye Bush ni kèk lòt patisipan (tankou prezidan Komite Finans Sena a, Christopher Dodd, ak Senatè Richard Shelby, pi gwo manm repibliken komite a) fè aprè premye jou negosyasyon sa a, rankont la pa debouche sou yon antant e deba yo pral kontinye jodi vandredi 26 septanm nan, toujou nan La Mezon Blanch.
Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman gwo pwen sa a k ap domine aktyalite a depi kèk jou deja.