Accessibility links

Breaking News

Anbasadris Fon Nasyonzini Pou Timoun nan, UNICEF, Rive An'n Ayiti


Aktris e vedèt sinema amerikèn Mia Farrow tanmen vandredi 19 septanm nan yon vizit 3 jou Ayiti. Objektif vizit anbasadris "itineran" Unicef la: evalye pou ajans Nasyonzini an situasyon timoun ak medam yo-- 2 group move tan an seri yo afekte pi plis nan nasyon antiyèz la.

Pandan vire-won sa a, Farrow, ki genyen avèk li prezidan Unicef-Canada a, Nigel Fisher, dwe ale tou nan vil Cabaret ak nan Gonaïves ki sibi pi plis dega nan dezas natirèl ki frape Ayiti nan fen mwa out ak koumansman mwa septanm sa a.

Anbasadris Fon Nasyonzini pou ti moun nan dwe fè yon kout pye tou nan Site Solèy, youn nan pi gwo bidonvil ki nan zòn kapital ayisyèn nan, Port-au-Prince.

Kolaboratè nou Jean-Pierre Leroy te pale ak responsab kominikasyon Unicef la nan Port-au-Prince, Louis Vigneau.

Klike sou ralonj ki anlè atik la pou plis detay.

XS
SM
MD
LG