Accessibility links

Breaking News

Yon Muzulman nan Tèt Komisyon Evalyasyon Je Zolenpik yo


Je Zolenpik

Komite Olenpik entènasyonal la anonse ansyen meday dò Maroken Nawal El Moutawakel ap nan tèt komite ki pral evalye enstalasyon 4 vil kandida pou akeyi je zolenpik yo an 2016. Vil sa yo se Chikago, Illinois, Tokyo, Madrid ak Rio de Janeiro. Komite Olenpik Entènasyonal la ap anonse vil kap akeyi konpetisyon an 2 Oktòb 2009.
El Moutawakel se premye fanm ki soti nan peyi a majorite muzulman ki ranpòte meday dò olenpik. Manmzèl te ranpòte meday dò nan je zolenpik Los Anjeles yo an 1984.

Tennis / Koup Davis

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Espayòl Rafael Nadal bay Espay yon viktwa 1 a 0 devan Etazuni nan kad semi final koup Davis la. Lòt semi final la ap mete bab pou bab la Rusi fas ak Arjantin. Venkè yo ap rankontre an final an Novanm.

Tennis / Tokyo

Tenis o feminen : Nan tounwa Pan Pacific-la kapn dewoule nan Tokyo, rus Svetlana Kuznetsova elimine tèt de seri numewo 1-an Jelena Jankovitch 2 sèt a 1 ...sa ki retire espwa Jankovitch pou-l te repran numewo 1-an nan men Serena Williams ki pa patisipe nan nan tounwa-a . Si Jankovitch te genyen tounwa-a li tap renounen numewo 1 nan klasman ki gen pou publiye semèn kap vini la-a . Kuznetsova ap rankontre ak Katarina Srebonik demen samdi pou premye semi -final-la. Lòt semi final-la ap mete fas-pou-fas a Nadia Petrova ak Dinara Safina.

Foutbòl / Eròp/ Ronaldo

Nap kòmanse ak yon rumè ki fè konprann Ronaldo--brezilyen-an-- apral jwe an Frans nan Pari Sen Jermen. Entènasyonal brezilyen-an, 32 zan, ki lib depi Juin paske li pat vle renouvle ak Milan Ac di li ka ale nan Manchester City ki fè-l yon òf .... Gen posibilite pou li ale tou nan PSG paske doktè ki te opere-l-la ap travay pou klub fransè-a. nap suiv.

Milan AC byen debute koup Unyon Football Eropeyen an gras ak yon viktwa 3 a 1 li ranpòte devan FC Zurik . Te gen vyolans nan viktwa 3 a 2 Napl ranpòte evan Benfica de Lisbòn. Udinese ranpòte yon viktwa an deplasman lakay Dortmund 2 a 0. Sampdoria de Jèn wouze FBK de Lituani 5 a 0. Manchester City kale Omonia Nicosia 2 a 1. Aston Villa ranpòte yon viktwa an deplasman 3 a 1 fas a Litex Lovech. Standard de Lyèj fè match nul 2 a 2 ak Everton.

Foubòl / Etazini

Kèk rankont demen Samdi a nan lig football balonwon ameriken an Toronto Football Klub pral lakay Kansas City. Houton Dinamo ki te dwe akeyi San Jose ranvwaye. New England Revolution pral lakay Kolorado Rapids. DC United ap lakay Los Anjeles Galaksi. Real Salt Lake ap akeyi Chivas USA.

Foutbòl / Lig Chanpyon KONKAKAF

Atlante ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Olenpia nan lig chanpyon KONKAKAF la.

XS
SM
MD
LG