Ann Ayiti, Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis anonse posiblite pou gouvènman n nan ogmante efektif fòs polis la, pou enstitisyon an kapab pi byen satisfè bezwen pèp la nan domèn sekirite a. Nouvo chèf gouvènman peyi Dayiti a fè anons sa a nan moman li t ap inogire yon nouvo sant dakèy pou kò polis la.
Yon lòt kote, Lakwa Wouj Ayisyèn ap kontinye travay pou l pote èd bay viktim siklòn ki te frape peyi a nan semèn ki pase yo. Kijan distribisyon asistans la ap dewoule? Eske ekip sekouris yo rive nan zòn ki te izole akoz move kondisyon wout yo e menm absans tout mwayen deplasman? Se kesyon sa yo nou poze Doktè Guiteau Jean-Pierre, direktè egzekitif nan Lakwa Wouj Ayisyèn.
Anfen, yon lòt kesyon moun ap poze depi kèk tan ann Ayiti : Eske lòm ayisyen pa genyen yon gwo pa responsablite nan sitiyasyon peyi a ap viv jounen jodiya nan Gonayiv, Kabarè e lòt rejyon kote siklòn yo fè gwo ravaj ak anpil viktim ? Nou genyen opinyon ekolojis Philippe Léon, manm fondatè « Fondasyon Segen ».
Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman souvèl sa yo.