Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Assistan Sekretè Jeneral L'Onu an Vizite Viktim Dènye Tanpèt  yo Nan Vil Hinche


Kominote Entènasyonal la, Lèzetazini, an tèt, kontinye ap pote asistans li bay viktim tanpèt ak inondasyon ki frape Ayiti nan dènye semèn mwa out pou antre nan mwa septanm nan. Pami nasyon kap pote-kole nan efò sa a, nou jwenn Canada ki depeche yon bato (St-John) pou ede charye èd imanitè nan zòn izole yo, prensipalman nan rejyon sud peyi a. Antretan bato ameriken USS KEARSARGE, kap asiste viktim move tan yo deja debake plis pase 870 tòn metrik materyèl sekou--pami yo 24 mil galon dlo pou sinistre nan zòn izole repiblik ayisyèn nan.

Bò kote pa li, Nasyonzini depeche reprezantan sekretè jeneral la, Heidi Hannabi, nan peyi Dayiti, kote li vize vil Hinche. Msye Hannabi deklare devastasyon yo depase kapasite Ayiti. Antretan, genyen yon nouvo ond twopikal sèvis meteorolijik nasyonal la anonse pou fen semèn an. Responsab yo di li kapab vide lapli pandan 3 jou sou peyi a.

Pou plis presizyon sou nouvèl sa yo, fè yon klik sou ralonj ki anlè atik sa a ou al koute pwogram nou yo nan fenèt ki agoch paj sa a

XS
SM
MD
LG