Accessibility links

Breaking News

Govènman Ameriken Mete 20 Milyon Dola Sou Asistans Lap Bay Ayiti


Lèzetazini mete 20 milyon dola sou èd lap bay Ayiti el' eksprime solidarite pèp ameriken an avèk pèp ayisyen an apre dega ouragan ak tanpèt yo fè atravè peyi a, kote plizyè santèn kretyen-vivan peri nan inondasyon. Anbasadè ameriken an, Janet A. Sanderson, anonse nouvèl la nan yon konferans pou laprès li bay nan Pòtoprens, kapital Ayiti, vandredi 12 septanm nan. Madan Sanderson reyafime volonte gouvènman ameriken an pou l' travay ak otorite ayisyen yo pou ede sinistre yo.

Yon lòt kote, direktris Ajans Ameriken Entènasyonal Pou Devlopman an (USAID) madan BETH CYPSER di ajans lan deja dekese lajan pou soulaje soufrans plizyè milye ayisyen e repare dega ki fèt sou enfrastrikti peyi a.

Ogmantasyon èd gouvènman ameriken an rive nan moman oganizasyon Nasyonzini pou alimantasyon ak agrikilti a predi lavi chè ak grangou a pral terib nan mwa kap vini yo an'Ayiti si kiltivatè move tan yo fòse kite rejyon yo pa ka retounen nan kanton yo pou plante jaden yo. Dapre FAO, Ayiti pral bezwen apeprè 10 milyon 500 mil dola pou relanse sèlman pwodiksyon agrikòl la.

Minis ayisyen agrikilti a, Joanas Gué, estime dega move tan yo fè sou sektè agrikòl la rive preske 190 milyon dola. Siklòn ak tanpèt yo devaste plantasyon diri, bannan, legim, fwi e detwi 21 systèm irigasyon nan divès rejyon Ayiti.

NDLR: Si ou ta renmen plis nouvèl sou Ayiti, fè yon klik (agòch paj Wèb sa a) sou pwogram midi ak pwogram apre midi Sèvis Kreyòl la.

XS
SM
MD
LG