Jedi 11 septanm 2008 la make 7èm anivèsè pi move atak teworis ki te fèt sou tèritwa amerikan an nan dat 11 septanm 2001. Nan okazyon an, anpil seremoni dewoule atravè peyi a.
Preske 3 mil moun te pèdu lavi yo lè teworis te detounen 4 avyon komèsyal pou al kraze yo sou 2 tou marasa World Trade Center a, sou lokal Pentagòn nan (kidonk, Depatman Defans Lèzetazini an) epi 4èm nan t’al tonbe nan yon plantasyon nan eta Pensilvani.
Pèp ameriken an obsève maten 11 septanm 2008 la yon moman silans a 8 tè 46--lè Washington--lè ekzat premye avyon an t’al kraze sou Building nò World Trade Center a. Apre sa, prezidan George Bush inogire yon monuman-souvni nan memwa 184 anplwaye federal ki te pèdu lavi yo nan Pentagòn nan. Kandida a la prezidans John McCain (pou pati republiken an) ak Barrack Obama (pou pati Demokrat la) patisipe tou nan kèk seremoni alokazyon 7èm anivèsè atak yo. Msye McCain asiste yon seremoni nan Pennsilvani, sou sit kote katriyèm avyon teworis yo te detounen an te tonbe a. Jedi apre midi, senatè Obama ak senatè McCain te patisipe nan yon seremoni sou anplasman World Trade Center a, nan Nouyòk, kote yo jete flè nan yon "pisin-reflektè" nan memwa 2 mil 300 viktim ki te pèdi lavi yo nan atak teworis yo.
Pou yon lide sou seremoni ki make 7tyèm anivèsè atak 11 septanm 2001 yo fè yon klik sou ralonj ki anlè atik la