Accessibility links

Breaking News

Mobilizasyon Kominote Entènasyonal la Anfavè Viktim Tanpèt ak Ouragan Ki Frape Ayiti yo


Koòdonatè l'Onu nan peyi Dayiti a, Joël Boutroue, anonse òganizasyon entènasyonal la pral lanse apati mèkredi 10 septanm nan yon apèl entènasyonal prese-prese nan Nouyòk, nan Genève ak nan le mond antye pou ede Ayiti apre pasaj kou sou kou 4 ouragan ak tanpèt ki touye apeprè 300 moun e devaste preske tout jaden ak rekòt manje ane sa a.

Objektif apèl sa a, se ranmase 100 milyon dola pou ede Ayiti fè fas ak dezas move tan yo koze epi relanse agrikilti, netwaye kanal ak dren ki bouche. Aktivite sa yo pral lage lajan fre nan ekonomi an ki va pèmèt responsab yo kreye travay, dapre sa msye Boutroue deklare madi 9 septanm nan nan yon konferans pou laprès li bay nan vil Pòtoprens, kapital Ayiti.
Plizyè lòt ajans Nasyonzini kap pote-kole nan efò pou ede sinistre move tan yo te prezan nan konferans de près la, tankou Unicef (Fon nasyonzini Pou Timoun yo) ki eksprime kè sote li sou risk yon epidemi dyare nan mitan moun kap viv nan abri sekou yo akòz mank bon kondisyon sanitè nan sant "hébergement" sa yo.

Apa sa, minis kooperasyon franse a, Alain Joyandet, anonse peyi li double asistans li anfavè Ayiti apre dega tanpèt ak ouragan yo pwovoke nan peyi karayib la, e anbasadè Brezil la, Igor Kipman, fè konnen Brasilia ap depeche yon nouvo ekip enjenyè militè an'n Ayiti e lap ede jete kèk pon pwovizwa pou ede charye aistans nan rejyon sinistre yo, patikilyèman, nan Latibonit ak Plato santral la.

Pou plis presizyon sou efò ki sou pye pou ede Ayiti, fè yon "klik" sou ralonj ki anlè atik sa a.

XS
SM
MD
LG