Accessibility links

Breaking News

Tribunal Abitraj la ap Tande Apèl Komite Olenpik Surinam nan


Atletisme/ Tribunal

Tribunal arbitraj spòtif nan vil Lauzan an Swis dakò pou l tande tande apèl komite olenpik Antiy Neerlandèz la fè nan non kourè Churandy Martina ki te diskalifye pandan je zolenpik Peken yo.
Martina te fini 2 zièm dèyè evantuèl venkè kous 100 mèt la Jamayiken Usain Bolt. Komite òganizatè a te diskalifye Surinamyen nan sa ki sanble li te abandone liy li tap kouri a. Komite Olenpik Surinamyen an di Etazuni te soumèt yon plent 30 minit apre delè ki fikse an favè Wallace Spearmon ki te diskalifye pou menm rezon an. Rezulta final la Ameriken Shawn Crawford te fini an 2 zièm epi Walter Dix fini 3 zièm. Tribunal la pa fikse yon dat.

Chanpyon du mond atletis ameriken Tyson Gay pap patisipe nan kous 100 mèt atletis Van Damme Memoryal la kap dewoule nan vil Brusèl an Beljik akoz yon dechirur.
Gay pap kalifye nan final kous 100 mèt la nan vil Peken-yon konpetisyon Jamayiken Usain Bolt ranpòte.
Jamayiken Usain Bolt ak Asafa Powell ap patisipe nan kous la jodi a.

Foutbòl / Ameriken


Chanpyon sòtan football zèpòl kare a New York Giant byen demare sezon an gras ak yon swif li pase Washington Redskins 16 a 7.
Chak 32 ekip yo ap jwe 16 match ak posibilite pou 12 kalifye nan faz final la. 43 zièm edisyon Superbowl la ap dewoule nan Tampa 1 Fevriye 2009.

Tennis / Etazuni

Numewo 2 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer kalifye pou semi final tounwa tenis US Open nan malgre difikilte pou l kale Luksanbourjwa Gilles Muller ki klase 128 tièm mondyal 7-6, 6-4, 7-6.
Federer gen pou rankontre nan semi final la Sèb Novak Djokovic ki elimine ameriken Andy Roddick 6-2, 6-3, 3-6, 7-6.
Bo` kote meda m yo ameriken Serena Williams ap rankontre Swis Dinara Safina nan semi final la pandan ke Sèb Jelena Jankovic pral mate balon fas a rus Elena Dementieva nan lòt semi final la.

Foutbòl / KONKAKAF


Seleksyon football ameriken an ap fè yon vwayaj istorik nan la Havann Kuba kote yo pral rankontre seleksyon Kuben an nan kad match kalifikatif koup du mond. Dènye fwa 2 ekip yo te rankontre nan La Havann se te an 1947-yon match kuben yo te ranpòte 5 a 2. Ameriken yo gen yon palmarès 5 viktwa-1 nul ak 1 defèt.
Selon dosye FIFA ameriken yo gen yon palmarès 49 viktwa--30 nul ak 28 defèt-palmarès la amelyore depi 1990 ak 35 viktwa 9 defèt e 16 nul.

Nan lòt rankont nan zòn KONKAKAF la Ayiti ap trouve l nan Salvador kote li pral rankontre seleksyon lokal la. Gen posibilite pou antrenè Wagneau Eloi jwe pou seleksyon an.
Trinidad and Tobago kont Gwatemala, Jamayik pral lakay Meksik. Kanada kont Honduras epi Kosta Rika kont Surina m. Ekip sa yo ap retounen sou teren an le 10 Septanb.

Nan lig chanpyon KONKAKAF la klub Meksiken UNAM wouze klub jamayiken Habour View 3 a 0 pandan ke klub Panameyen San Francisco pilon-nen Deportivo Jalapa 5 a 0.

Federasyon Football Entènasyonal la, FIFA suspann pou 12 mwa defansè seleksyon nasyonal Sèbi a Slobodan Rajkovic apre li te krache nan figi yon abit pandan je zolenpik Peken yo. Rajkovic kap jwe nan Chelsea depi 2005 kapab ale an apèl ak desizyon an.

XS
SM
MD
LG