Accessibility links

Breaking News

Nouvo Premye Minis Ayisyen an, Michèle Pierre-Louis, Pale de Defi Ijan ki Devan Peyi a


Ann Ayiti, aprè Sena a fin ratifye deklarasyon politik jeneral premye-minis ratifye a, Michèle D. Pierre-Louis, nouvo chèf gouvènman an pale de defi ki devan peyi a. Daprè Madam Pierre-Louis, 2 pi gwo defi yo se jesyon pwoblèm tout kalite Siklòn Hanna kreye nan peyi a, epi rantre klas la.

Yon lòt kote, popilasyon vil Gonayiv la ap viv yon sitiyasyon trè grav aprè pasaj siklòn nan. Lavi sinistre Gonayivyen yo vin konplike avèk wout ki koupe ni anwo (direksyon Okap), ni anba (direksyon Sen Mak). Korespondan VOA Alfred jean --ki se yon refijye depi lendi premye septanm nan-- bay Jean Robert Philippe yon ide sou gravite sitiyasyon sa a e li lanse apèl bay otorite yo pou mande yo prese pote asistans medikal bay sinistre yo pou evite yon epidemi.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo.

XS
SM
MD
LG