Cham Sena ayisyen an apwouve nan nuit jedi pou louvri vandredi 5 septanm nan "deklarasyon politik jeneral" premye minis ayisyen an, Michèle Pierre-Louis. Vòt sa a fèt vandredi vè 2 zè edmi di maten apre yon seyans marathon ki te dire preske dizè'd tan.
Senatè yo vote pwogram gouvèman madan Pierre-Louis a avèk yon majorite 16 vwa pou ak 1 abstansyon.
Apre vòt sa a, prezidan Sena a, Kelly C. Bastien, envite madan Pierre-Louis dirije gouvènman an" avèk 16 vwa pou ou gen konfyans Sena a pou'w dirije gouvèman an, selon ajans nouvèl Haiti Press Network.
NDLR: Tcheke sit sa a pita nan jounen an pou plis detay