Accessibility links

Breaking News

Espay nan Tèt Klasman Jeneral FIFA a


Foutbòl

Chanpyon Eropeyen an Espay klase numewo 1 mondyal dapre dènye klasman FIFA publiye jodi a. Itali klase 2 zièm. Almay, La Oland ak Kwasi konplete lis 5 premye seleksyon mondyal maskulen sou tè a. Brezil klase 6 zièm devan Arjantin ansuit nou jwen Republik Tchèk, Oortugal ak Turki konplete lis 10 premye peyi football sou planèt la.

Nan KONKAKAF la Meksik klase 24 trièm devan Etazuni ki klase 28 tièm. Pou Karayib la Trinidad and Tobago klase 80 tièm devan Kuba ki klase 92 zièm. Ayiti klase 117 tièm epi Salvador klase 131 nièm mondyal.


Aswè a DC United ap rankontre nan final koup US Open nan klub Karolin du Sud Charleston Battery. Premye final yon chanpyona DC United ap jwe isit Washington depi 10 zan. Venkè rankont la ap kalifye otomatikman pou eliminatwa Lig chanpyon KONKAKAF la pou sezon 2009-2010 la.

2 klub ameriken elimine nan faz dechoukaj lig chanpyon KONKAKAF la apre match retou a ki jwe yè Madi a. Klub Trinidadyen Joe Public danse sou New England Revolution 4 a 0 pou l pase etap pwochen tou a kote yo pral fè pati yon group. Klub Panameyen Tauro fè match nul 1 a 1 ak Chivas USA pou l pase nan pwochen faz la akoz yo te ranpòte match ale a 1 a 0. Enpak de Montreal kalifye tou apre match nul 0 a 0 yo fè ak Real Steli.

Atletisme

Kourè Jamayiken Usain Bolt ranpòte kous 200 mèt konpetisyon Atletis Gran Prix ki tap dewoule nan vil Lauzan an Swis nan yon tan 19 sekond 63.
Jamayiken Asafa Powell ranpòte kous 100 mèt la. Jamayikèn Shelly-Ann Fraser ranpòte kous 100 mèt feminen an. Delloreen Ennis-London ranpòte kous 100 mèt obstak la.
Kourè ameriken ranpòte kous 110 mèt Hè a devan Kuben Dayron Robles. Ameriken Lashawn Merritt ranpòte kous 400 mèt feminen an.


Tennis

Match kar de final ant ameriken Venus ak Serena Williams ap dewoule jodi a--yon tounwa ke Venus ranpòte 2 fwa. Lòt rankont kap domine aktyalite a se Rus Dinara Safina kont Italyen Flavia Pennetta.
Bò kote mesye yo gen espayòl Rafael Nadal kap rankontre ameriken Mardy Fish. Arjanten Juan Martin del Potro kont britanik Andy Muray.
Swis Roger Federer pase yon move moman avan li kale Rus Igor Andreev 6-7,7-6,6-3,3-6,6-3 nan tounwa tenis US Open nan yè swa. Rus Nikolay Davydenko tonbe devan Luksambourjwa Gilles Muller 6-4, 4-6,6-3,7-6. Ameriken Andy Roddick pat pèdu anpil tan pou l wouze chilyen Fernando Gonzales 6-2, 6-4, 6-1. Sèb Novak Djokovic elimine espayòl Tommy Robredo malgre li tap soufri ak yon doulè nan kwis 4-6,6-2,6-3,5-7,6-3.
Rus Elena Dementieva, ki sot ranpòte meday dò nan je zolenpik yo, kalifye pou semi final la gras ak 2 kout rakèt li pase Swis Patty Schnyder 6-2, 6-3. Sèb Jelena Jankovic kalifye tou.

Siklisme

Siklis Italyen Daniele Bennati ranpòte 4 trièm etap kous bisiklèt Tour Espay la pou l rete nan tèt klasman jeneral la

XS
SM
MD
LG