An'Ayiti, tanpèt twopikal Hanna lage gwo lapli sou plizyè rejyon peyi a. Se konsa genyen gwo inondasyon nan vil Gonaïves kote dlo antre kay anpil moun nan nuit lendi premye pou leve madi 2 septanm nan.
Bilan pwovizwa lapolis kominike nan site Endepandans lan madi 2 septanm fè konnen otorite yo deja dekouvri 12 kadav moun ki tap flote sou dlo. Genyen inondasyon tou nan lòt zòn nan Depatman Latibonoit ak Depatman Nò a, tankou nan Pilate, Plaisance, Ennery, Chansolme ak Port-Margo, ki anba gwo van ak lapli ki fè anpil dega.
Korespondan nou Alfred Jean ban nou detay sou sitiasyon an nan Gonaïves.
Yon lòt kote, Sena ayisyen an kontinye resevwa apèl pou l' apwouve deklarasyon politik jeneral premye minis ratifye a, Michèle D. Pierre-Louis. Youn nan dènye pèsonalite ki adrese l' a palman an nan sans sa a, se Reveran Pè Edwin Paraison, ansyen konsil jeneral ayisyen nan Sanato-Domingo.
Daprè Pè Paraison, li lè pou palmantè yo bay madanm Pierre-Louis « feu vert » pou l' kòmanse fè travay peyi a. Renan Toussaint ap di nou plis depi Pòtoprens.
Klike sou lyen anlè a pou w' koute devlopman nouvèl sa yo.