Accessibility links

Breaking News

Kandida Barack Obama Aksepte Nominasyon Pati Demokrat la


Barack Obama aksepte nominasyon Pati Demokrat la kòm kandida alaprezidans el' pwomèt pou l' mete yon pwen final nan sa l' rele "politik echwe" prezidan George W. Bush yo". Jedi swa, devan plizyè dizèn milye patizan ki te rasanble nan prensipal stad foutbòl Denver a, Eta Colorado, pou dènye jou kongrè nasyonal demokrat la, senatè Illinois la fè listwa kòm premye Nwa ki pral eseye rantre nan Mezon Blanch lan antanke kandida youn nan 2 pi gwo pati politik ameriken yo.

Nan diskou li delivre pou l' di li aksepte envestiti a, Barack Obama atake dirèkteman rival repibliken li an, senatè John McCain, ke l' akize deske l' vote 90 fwa sou 100 nan Kongrè a anfavè politik prezidan Bush yo. M'sye Obama pwomèt pou l' mete fen nan lagè Irak la yon fason responsab e kontinye lit kont Al-Qaida ak Taliban yo. Sou kesyon sa a, senatè Obama kritike senatè McCain poutèt kandida repibliken an apiye lagè a nan Irak olye li konsantre efò li sou arestasyon Oussama bin-Laden.

Pou sa ki gade politik enteryè Lèzetazini, kandida Pati Demokrat la pwomèt pou li redui taks kouch ouvriyè a, elimine avantay fiskal konpayi ameriken kap transfere biznis yo nan peyi etranje olye yo kreye travay Ozetazini, epi redui depandans Etazini vizvi petwòl Mwayen Noryan an.

Kan McCain nan reyaji pou di diskou Obama a se "bobin" e li pa danse-kole ak ''ti reyalizasyon zuit " Obama fè pandan premye manda li nan Kongrè a.

Diskou senatè Barack Obama a tonbe jou pou jou ak yon diskou selèb lidè dwa sivik Nwa ameriken, Doktè Martin Luther-King jr. te fè, gen 45 kan de sa, sou gran plas yo rele Mall la, nan Washington, D.C: diskou sou egalite rasyal moun rele: I Have A Dream nan", an kreyòl: Mwen Fè Yon Rèv. Anvan mesaj Obama a, delege nan konvansyon demokrat la te gen chans wè yon videyo ki rann Martin Luther-King, jr. omaj e tande diskou pitit gason ak pitit fi defen lidè lit pou dwa sivik yo.

Ansyen vis-prezidan Al Gore, ki te pèdi eleksyon ane 2000 la ak yon maj tou zuit devan George W. Bush, te pran lapawòl tou nan konvansyon an. Msye Gore deklare ''eli John McCain nan Mezon Blanch, vle di voye senatè Eta Arizona a al rapousuiv pou katran ankò menm politik George Bush yo''.

Repibliken yo dwe fè konvansyon pa yo a semèn kap vin la a nan vil Minneapolis-St. Paul, Eta Minnesota, kote McCain dwe resevwa ofisyèlman nomisayon Pati Repibliken an kòm kandida pou Mezon Blanch lan.

XS
SM
MD
LG