Accessibility links

Breaking News

Senatè McCain Chwazi Gouvènè Eta Alaska a Kòm Kandidat Pou Vis-prezidan.


Kandida alaprezidans, John McCain, chwazi yon dam moun pa finn konnen twò byen Ozetazini---gouvènè Alaska Sarah Palin---kòm kandidat alavisprezidans Pati Repibliken an. McCain anonse chwa li vandredi 29 out devan yon foul patizan ki tap patisipe nan yon ransanbleman nan Dayton, Eta Ohio, 4 jou anvan Konvansyon Nasyonal Pati Repibliken an.

Msye McCain konsidere madam Palin kòm “kolistye li bezwen pou plas visprezidan an, yon bon patnè ki genyen bon jan prensip, espri konbatif e ki chaje ak konpasyon. M'sye McCain di: li genyen anpil entegrite; li gen bon sans... ansanm ak yon devosyon fawouch pou byen komen tout moun...e se ekzateman sa nou bezwen nan Washington jounen jodi a.

Se premye fwa yon fanm figure sou tikè Pati repibliken an kòm kandidat alavis-prezidans. Palin, 44 tran, sou premye manda li kòm gouvènè Eta Alaska; li se yon konsèvatè ni sou kesyon sosyal ni sou kesyon ekonomik.

Seleksyon Sarah Palin--yon kandidat moun pa konnen byen nan peyi a, rive sanzatann. Li marye e’l genyen 5 pitit. Palin prezante’l kòm yon refòmatè ki pa renmen politik jis pou l’ fè politik.

Gouvènè Palin deklare "pèp ameriken an bezwen lidè politik ki ka leve kanpe kont statu-quo pou sèvi enterè komen sitwayen yo".

Rival demokrat msye McCain nan, Barack Obama, kritike chwa gouvènè Palin nan; li deklare McCain chwazi ansyen “majistra kominal yon ti vil 9 mil abitan ki pa ki pa gen okenn eksperyans nan politik etranjè”.

Desizyon senatè Mc Cain nan tonbe mwenske 24 trè apre senatè Eta Illnois Barack Obama te aksepte nominasyon Pati Demokrat la nan yon diskou devan 80 mil moun ki te reyuni nan yon stad football an plen-nèr.

Diskou sa a mete fen nan Konsvansyon pati a ki te kòmanse lendi pase. Se ak yon eksplozyon aplodisman foul la te reyaji lè msye Obama tounen --a 47 tan-- premye Nwa ameriken ki aksepte nominasyon youn nan 2 pi gwo pati politik yo Ozetazuni pou pòs prezidan an.

XS
SM
MD
LG