Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Twopikal Gustav Touye 68 Moun Ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn


Tanpèt twopikal Gustav ka pase toupre oubyen sou zile Kayiman e sou rejyon wès Kiba, samdi 30 dawout la. Dapre kaptèn meteyo ameriken yo, Gustav ka tounen yon siklòn a nenpòt ki moman samdi. Selon dènye bilten meteowolojik Sant Nasyonal Ouragan Miyami an, National Hurricane Center, tanpèt la mache ak van kap soufle a 100 kilomèt alè. Sant lan di ouragan Gustav ka lage plis pase yon demi-mèt lapli sou kèk rejyon Jamayik e sou zile Grand Kayiman.

Jedi, Gustav benyen Jamayik ak anpil lapli e ak gwo van apre l' touye 68 moun pou pi piti nan peyi Dayiti ak nan Repiblik Dominikèn. Men dapre ajans nouvèl entènasyonal yo an' Ayiti sèlman li ta touye 60 moun, dapre yon bilan pwovizwa. Espesyalis yo atann aske tanpèt la pran direksyon Gòlf Meksik la nan koumansman semèn kap vini an e l' kapab tounen yon manman siklòn. Yo ajoute Gustav ka frape madi maten nenpòt Eta ameriken ki bay sou kòt gòlf la, sòt sou Florid pou rive sou Eta Texas.

Gouvènè Louisiane ak gouvènè Mississippi a deklare Eta dujans.

Yon lòt kote, tanpèt twopikal Hanna pran nesans jedi 28 out la lwen sou lanmè nan rejyon Zile Sous le Vent.

NDLR:Pou tout nouvo devlopman sou siklòn nan ak nouvo bilan viktim ak dega Gustav koze, tcheke sit angle Lavwadlamerik la: http://www.voanews.com/english


XS
SM
MD
LG