Accessibility links

Breaking News

Senatè Barack Obama Ofisyèlman Kandida Pati Demokrat la.


Barack Obama resevwa "à l'unanimité" nominasyon Pati Demokrat la kòm kandida pou eleksyon prezidansyèl mwa novanm 2008 la Ozetazini. Kounye a, senatè Illinois la, tounen premye sitwayen Nwa ameriken yon gwo pati politik janm envesti kòm kandida pou pòs Prezidan an Ozetazini.

Ansyen rival li, senatè Hillary Clinton, te mande nominasyon sa a pa "acclamation" nan syèj konvansyon Pati demokrat la nan Denver (Eta Colorado) pandan apèl youn pa youn delege Eta yo pou yo vote anfavè kandida yo vle voye nan eleksyon yo . Tout delege nan sal la, te tonbe bat bravo e tonbe chante slogan kanpay Obama a "Wi, nou kapab; Wi, nou kapab"!

Apre sa, ansyen prezidan Bill Clinton ki te pran lapawòl pita nan sware a vin lage tout supò li dèyè Barack Obama. Msye Clinton deklare kandida demokrat yo nominen mèkredi 27 out la "genyen yon kapasite remakab pou l' enspire moun... e chanje pou tout bon vre peyi a.

Msye Clinton mete sou kote tout kritik ak tout doub santiman li te ka genyen vizavi Obama nan moman eleksyon primè yo, e l' bay kandida Nwa ameriken an sipò li kòm yon lidè ki pre pou afwonte nenpòt defi.

Ansyen prezidan an di foul kap asiste konvansyon an:"mwen isit la, premyèman, pou m' apiye Barack Obama. E, dezyèm man, mwen isit la pou m' chofe piblik la pou Joe Biden."

Clinton makonnen mach alaprezidans Obama a ak kanpay li te mennen an 1992 pou Mezon Blanch lan, lè "repibliken yo te deklare li twò jèn e manke eksperyans pou l' kòmandan an chèf."

"Nou tande pawòl sa a deja, pa vre ? Clinton mande patisipan yo... enben, sa pat mache an 1992 paske nou te sou bon kote listwa. E l' pap mache ankò nan ane 2008 la, paske Barack Obama sou bon kote listwa".

Msye Obama dwe pwononse diskou envestiti li jedi swa nan yon gwo stad foutbòl ki ka kenbe 75 mil moun nan Denver, Eta Colorado.


XS
SM
MD
LG