Accessibility links

Breaking News

Ayiti Gen Yon Nouvo Kabinè Ministeryèl


Prezidan ayisyen an, René Préval, ak Premye Minis ratifye a, Michèle D Pierre-Louis, chwazi pèsonalite ki pral fè pati nouvo gouvènman an apre plizyè semèn negosyasyon ak pati politik yo.

Sepandan gen fòmasyon politik tankou OPL ki sanble pa fin twò renmen fason Prezidan Préval aji nan dosye Kabinè a, menmsi pati sa a ak rès klas politik la pwomèt soutyen yo pou Deklarasyon Politik Jeneral Madam Pierre-Louis a.

Korespondan nou Clarens Renois gen detay yo depi Pòtoprens.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w tande repòtaj Clarens la.

XS
SM
MD
LG