Accessibility links

Breaking News

Kandida Barack Obama Chwazi Joe Biden Pou Vis-Prezidans la


Kandida demokrat nan kous pou Lamezonblanch la, Barack Obama, finalman anonse ke li chwazi Senatè Joseph "Joe" Biden pou chache plas Vis-Prezidan an nan vot 4 novanm 2008 la.

Pandan tout jounen vandredi a jounalis yo te ret' ap tann nouvèl sa a ki tonbe jis nan mitan lannuit la. Sit Entènèt Obama konfime chwa a e li mande patizan demokrat yo bay tout apui yo pou ekip Obama-Biden nan ka soti venkè nan eleksyon jeneral yo.

Senatè Biden reprezante eta Delaware nan Kongrè ameriken an. Li gen 35 an nan Sena a kote li responsab Komisyon Afè Etranjè a. Anpil analis kwè prezans li sou tikè demokrat la ap pote yon diplis pou Senatè Obama ki pa resevwa jiskaprezan anpil pwen nan sondaj yo pou sa ki konsène politik etranjè ak sekirite nasyonal.

Gen moun ki siyale tou orijin sosyal Joe Biden--papa li te moun andeyo nan Pennsylvani, kapab ede Obama touche yon segman nan elektora a ke li gen difikilte pou li konvenk jiskaprezan. Moun sa yo te apiye Hillary Clinton nan eleksyon primè yo.

Obama ak Biden ap fè premye parèt yo ansanm jodi samdi a nan Springfield, Illinois. Biden ap aksepte nominasyon Pati Demokrat la nan yon diskou li va pwononse nan konvansyon Denver a mèkredi swa.

XS
SM
MD
LG