Accessibility links

Breaking News

Jamayiken Usain Bolt Bat yon lòt Rekò


Atletisme

Kourè Jamayiken Usain Bolt ede Jamayik ranpòte yon 6 zièm meday dò nan nan final kous 4 par 100 mèt relè a jodi a ak yon rekò du mond. Bolt deja bat 2 rekò du mond nan kous 100 ak 200 mèt la.

Kourè Etyopyen Tirusnesh Dibaba ranpòte kous 5 mil mèt feminen an apre li finn ranpòte meday dò kous 10 mil mèt la

Volebòl

Ekip volebòl de plaj maskulen ameriken an ranpòte meday dò apre yo kale Brezil. Machè Italyen Alex Schwazer ranpòte march 50 kilomèt la.


Nan tablo meday yo Etazuni devanse la Chin ak yon total 102 meday pami yo 31 an ò. La Chin ap klase 2 zièm ak 89 meday men yo ranmase plis meday dò swa yon total 47.
Rejyon Karayib la Kuba gen yon total 19 meday--2 an ò-6 arjan e 11 bronz--Jamayik ranmase 10 meday pami yo 6 an ò, 3 arjan ak 1 bronz. Republik dominikèn ak Antiy Neerlandèz gen 1 meday darjan yo chak. Trinidad and Tobago gen 2 meday darjan epi Bahamas gen yon meday de bronz.

Tenis

Espayòl Fernando Verdasco kale alman Mischa Zverev 6-2, 7-6 pou l kalifye nan semi final tounwa tenis New Haven Konekticut la. Verdasco pral rankontre ameriken Mardy Fish. Lòt semi final la ap mete bab pou bab Kwat Marin Cilic ak Slovèn Luka Gregorc..
Bò kote meda m yo Rus Ana Chakvetadze kale woumèn Sorana Cirstea 3-6, 6-4, 6-3 pou l rankontre franse Amelie Mauresmo. Lòt semi final la ap mete fas a fas adolesan franse Alize Cornet kont danwa Caroline Wozniacki.


XS
SM
MD
LG