Pati politik ki abandone negosyasyon yo tap fè ak gouvènman ayisyen an sou dosye Prmeye Minis la mande reprezantan yo gen nan Palman an vote anfavè politik jeneral Michele D Pierre Louis a.
Jounalis Jorel Labadie (nan afilye VOA, Radio-Tele Ginen) di nou dirijan pati politik yo lanse apèl sa a nan moman depite ki fè pati Konsètasyon Palmantè Pwogresis yo (CPP) ensiste yo pap vote Deklarasyon madam Pierre-Louis a toutotan yo pa resevwa kopi dokiman an epi pwononse yo sou chwa manm nouvo kabinè ministeryèl la.
Jounalis Jorel Labadie reponn kesyon Jean Robert Philippe nan Edisyon Maten an. Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w ka tande ti koze sa a.