Accessibility links

Breaking News

Kourè Jamayiken Usain Bolt Fè 2 kabès nan Je Zolenpik yo


Atletisme/ Jamayik

Kourè Jamayiken Usain Bolt bat yon rekò nan kous 200 mèt la ke li kouvri an 19 pwen 30 /100 tièm sekond. Rekò ameriken Michael Johnson te bat an 1996 nan je zolenpik Atlanta yo.Jamayiken an, ki te ranpòte kous 100 mèt la, tounen premye atlèt ki ranpòte kous 100 ak 200 mèt nan yon menm konpetisyon depi ameriken Carl Lewis te fè nan je zolenpik 1984 yo ki te dewoule nan Los Anjeles an Kalifòni.

Jamayiken Melaine Walker bat rekò nan kous 400 mèt obstak feminen an ke li kouvri an 53 pwen 70 sekond devan ameriken Sheena Tosta.
Meksiken Guillermo Perez ranpòte meday dò nan Taekwondo kategori 58 kilo devan dominiken Yulis Gabriel Mercedes.

Najè Rus Larisa Ilchenko ranpòte meday dò nan kous maraton natasyon 10 kilomèt devan 2 najè Britanik.


Je Zolenpik/ Klasman

Nan tablo meday yo La Chin egalize ak Etazuni gen yon avantaj tou mens nan tablo meday yo ak yon total 81 kont 79 pou la Chin men chinwa yo ranpòte plis meday dò ke Etazuni ak yon total 45 kont 26 pou ekip tonton Sa m nan. Nan Karayib la Kuba gen 13 meday pami yo youn an ò. Jamayik gen 7 meday-4 an ò ak 3 an arjan. Republik dominikèn ranpòte yon meday darjan epi Trinidad and Tobago gen yon meday darjan, Antiy Neerlandèz ranpòte yon meday darjan

Foutbòl / KONKAKAF

Balon pral woule jodi a nan zòn KONKAKAF la nan kad semi final eliminatwa koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Ayiti ap akeyi Surina m. Kosta Rika ap rankontre El Salvador, Meksik kont Honduras, Kanada kont Jamayik. Gwatemala kont Etazuni epi Cuba kont Trinidad and Tobago. 12 ekip yo divize an 3 group de 4. 2 premye yo ap kalifye pou ekzagonal final zòn KONKAKAF la ki pral jwe yon seri ale/retou antre yo.


XS
SM
MD
LG