Accessibility links

Breaking News

Semi Final Eliminatwa KONKAKAF la Fikse pou Mèkredi


Foutbòl/ KONKAKAF

Ayiti ap pare pou l akeyi seleksyon Surinam nan nan kad semi final eliminatwa koup du mond FIFA/ Afrik du Sud 20010 demen Mèkredi a. Yon total 11 lòt rankont ap dewoule nan menm jounen an.

Foutbòl/ Eròp

FIFA mande pou match kalifikatif koup du mond Jòrji gen pou jwe dewoule nan lòt peyi pou rezon sekurite. FIFA bay Federasyon Jeòrji a jusko 26 Out pou l jwen yon teren neut pou rankont 6 Septanb la.

Foutbòl Je Zolenpik

Football Balonwon Nijerya wouze Beljik 4 a 1 --An Ayiti se te vèvenn Arjantin toupizi Brezil 3 a 0. Arjantin, ki te ranpòte meday dò nan je zolenpik Atèn 2004 yo, ap rankontre Nijerya nan final la--yon revanch pou arjanten yo ki te pèdu an final 3 a 2 nan final je zolenpik Atlanta yo an 1996. Brezil, ki poko janm ranpòte yon meday olenpik nan football, ap rankontre kont Bèljik nan match konsolasyon an.

Olenpik / Atletis

Atlèt ayisyen an Dudley Dorival elimine nan 2 zièm tou eliminatwa kous 110 mèt Hè a je zolenpik Peken yo. Dorival, dènye ayisyen ki tap patisipe nan yon konpetisyon an, kouvri distans la an 13 sekond 71.

Olenpik / Baskètbòl

Seleksyon basketball feminen ameriken danse sou Kore du
Sud 104 a 60 pou l kalifye pou semi final Je zolenpik yo. Ostrali ak la Chin kalifye pou semi final basketball feminen tounwa olenpik la. Ostrali danse sou Republik Tchèk 79 a 46 pou l rankontre ak la Chin nan semi final la Jedi. Etazuni gen pou rankontre venkè rankont ant la Rusi ak Espay nan lòt kar de final la.

Olenpik/ Volebòl

Seleksyon volebòl feminen Brezil ak Kuba kalifye pou semi final tounwa Volebòl je zolenpik yo. Brezilyen yo kale Japon 3 set a 0 nan kar de final la pou rankontre venkè rankontre ant la Rusi ak la chin.
Yon lòt kote Kuba wouze Sèbi 3 set a 0 pou l rankontre venkè rankont ant Etazuni ak Itali.


Olenpik/ Volebòl sou Plaj


Seleksyon volebòl de plaj ameriken an kalifye pou final tounwa a apre yo kale Brezil. Ameriken yo pral rankontre la Chin le 21 Out.

Meday/Klasifikasyon

Nan tablo meday yo Etazuni gen 79 meday pami yo 26 an ò epi la chin an 2 zièm pozisyon ak 76 meday pami yo 43 an ò.Nan Karayib la Kuba gen 11 meday pami 1 an ò. Jamayik gen 4 meday-2 an ò. Trinidad and Tobago gen yon meday darjan.




XS
SM
MD
LG