Accessibility links

Breaking News

Brezil Kont Etazuni nan Final Je Zolenpik yo


Foutbòl

Nou ann Almay kote se te vèvenn yo bay fanatik foutbòl feminen-yo. Mezanmi, Brezil pran revanch li sou seleksyon ki te bat li nan dènye tounwa mondyal la. Malgre ti medam almand-yo te make premye gol-la nan dizyèm minut e yo te diskute yon bon premye mitan, duo Martha-Cristiane nan, ak apui solid Formiga nan mitan teren-an, te twò fò pou yo. Premye mitan an fini 1 a 1 e brezilyèn-yo make 3 gol nan dezyèm mitan, donk yo pral fè final ak Etazuni ki klase sou Japon.


Demen Madi a semi final kategori maskulen an ap dewoule lè Brezil ap rankontre Arjantin epi Nijerya kont revelasyon tounwa a Beljik.

Balon pral woule Mèkredi 20 Out la nan zòn KONKAKAF la nan kad semi final eliminatwa koup du mond FIFA/Afrik du Sud 2010 la. Surinam debake an Ayiti depi yè Dimanch la. Se youn pami 12 rankont ki fikse pou jou sa a.
Toujou an Ayiti yon seminè fòmasyon ap dewoule pou abit Tae-Kwondo nan Pòtoprens pandan semen sa a.


Baskètbòl

La Grès kale la Chin 91 a 77 nan tounwa basketbòl je zolenpik yo. Lituani tonbe devan Ostrali 106 a 75.
Nan kar de final la ki fikse pou Mèkredi Etazuni ap rankontre Ostrali. Venkè rankont sa a ap rankontre venkè rankont ant Arjantin ak la Grès.
Nan lòt brakèt la Lituani ap rankontre la Chin epi Espay kont Kwasi.

Jamayik fè koukouwouj nan kous 100 mèt feminen an lè Shelly Ann Fraser kouvri distans la an 10 pwen 78 sekond. Sherone Simpson ak Kerrone fini an mèm tan pou pataje meday darjan an.

Tenis

Arjanten Juan Martin Del Portro ranpòte tounwa tenis Legg Mason nan isit Washington apre li kale Viktor Troiki 6-3, 6-3.

Espayòl Rafael Nadal kap pran ofisyèlman jodi a numewo 1 tenis mondyal la kale kontriòt li Fernando Gonzales pou l ranpòte meday dò nan je zolenpik yo. Nadal ap klase ofisyèlman numewo 1 mondyal apre Swis Roger Federer te domine sè n tenis entènasyonal la.

Bò kote medam yo, Sèb Jelena Jankovic kapote konpatriòt li Ana Ivanovic pou l okipe pòs numewo 1 tenis mondyal feminen an. Ivanovic te okipe pozisyon an pandan sèlman yon semèn. Dapre Asosyasyon Tenis Pwofesyonèl feminen an Jankovic kapab konsève pozisyon numewo 1 tenis mondyal feminen an pandan 3 semèn pou pipiti.

Venus ak Serena Williams ranpòte meday dò nan kategori doub je zolenpik yo.

Volebòl

Najè ameriken Michael Phelps ranpòte 8 tièm meday li nan je zolenpik yo yè Dimanch la. Pi plis meday yon atlèt janm ranpòte nan yon sèl je zolenpik. Seleksyon volebòl de plaj maskulen ameriken kalifye pou semi final je zolenpik yo apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Almay. Ameriken yo pral rankontre Jòrji ki elimine la Oland 2 a 0 nan kar de final la.

Je Zolenpik

Atlèt chinwa Liu Xiang ki se chanpyon du mond 110 mèt obstak pap patisipe nan je zolenpik yo akoz yon blesu nan pye--yon desepsyon pou fanatik chinwa yo.
Nan tablo meday yo Etazuni toujou an nan tèt klasman jeneral la ak yon total 72 pami yo 22 an ò. La Chin ki klase 2 zièm ak 67 meday men chinwa yo gen plis meday dò ke ameriken yo ak yon total 39.
Nan Karayib la Kuba ranmase 1 meday-1 lò, 5 arjan ak 5 bronz. Jamayik gen 4 meday 2 an ò ak 2 an arjan. Trinidad and Tobago gen yon meday an arjan, Republik Dominikèn gen yon meday an bronz

Siklis

Unyon siklis entènasyonal la anonse yo jwen yon antant pou mete fen nan diskusyon yo genyen ak komite òganizatè kous bisiklèt Tour de Frans la.
Prezidan Unyon an di akò a pral debouche sou kreyasyon yon nouvo kalandriye mondyal kap kòmanse an 2009. Nouvo kalandriye a ap gen ladann toune pwofesyonel òganizasyon ak kèk gran konpetisyon ki pat patisipe nan toune pwofesyonèl ane sa a tankou Tour de Frans la.
Diskusyon yo te kòmanse lè òganizasyon Spòtif Amauri, konpayi ki posede Tour de Frans la, te deklare li gen dwa envite ou byen eksklu ekip li vle nan konpetisyon an. Unyon siklis la te replike pou di tout ekip ki fè pati 18 tounwa siklis pwofesyonèl la dwe envite otomatikman.
Kòm konsekans òganizatè Tour de Frans la pat envite ekip Astana ki te gen landan venkè 2007 la Alberto Contador.



XS
SM
MD
LG