Accessibility links

Breaking News

Naje Ameriken Michael Phelps ap Briye


Natation/ Je Zolenpik

Najè ameriken Michael Phelps ranpòte yon 6 zièm meday an ò nan je zolenpik pandan li bat yon 6 zièm rekò nan tantativ lap fè pou l ranpòte 8 meday dò nan yon sèl je zolenpik.
Judoka ayisyen Joel Brutus pèdu devan Sud Koreyen Kim Sungbum nan kategori pwa lou plis 100 kilo.
Foutbòl


Maten an nan kar de final football feminen nan je zolenpik yo Etazuni kalifye pou semi final la apre viktwa an pwolongasyon li ranpòte devan Kanada 2 a 1. Ameriken yo pral rankontre Japon nan semi final la. Japonè yo suprann la Chin 2 a 0 nan kar de final la. Brezil kalifye apre yo pase la Novèj yon swif 2 a 1. Brezilyen yo ap rankontre Almay ki kale la Grès 2 a 0 nan pwolongasyon. Semi final la fikse pou Lendi.

Basketbòl

Nan basketball seleksyon basketball feminen ameriken an wouze Espay ak yon viktwa 93 a 55. Ameriken yo gen pou7 rankontre Nouvèl Zeland Dimanch nan dènye match group la. Espay ap jwe dènye rankont group la kont Mali toujou Dimanch.
Nan lòt rankont ki jwe jodi a Ostrali pilon-nen Letoni 96 a 73. La Rusi suprann Brezil ak yon viktwa 74 a 64. Republik Tchèk savon-nen Nouvèl Zeland 90 a 59 pandan ke la Chin pat gen pitye pou Mali ke li wouze 69 a 48.

Tenis
Nan tenis ameriken James Blake ki sot elimine Swis Roger Federer nan kar de final je zolenpik yo--tonbe devan chilyen Fernando Gonzales 4-6, 7-5 e 11-9. nan semi final tounwa a a. Gonzales ap rankontre konpatriòt li Rafael Nadal ki li menm elimine Sèb Nowak Dojokovic 6-4, 1-6, 6-4.

Volebòl


Nan Volebòl Etazuni kale la Chin 3 a 2 pou l kalifye nan kar de final tounwa volebòl je zolenpik yo.

Atletisme

Kourè Etyopyen Tirunesh Dibaba ranpòte meday dò nan kous 10 mil mèt la ak yon rekò 29 minit 54-66 -10tièm sekond.
Nan Judo Japonè Satoshi Ishii ranpòte meday dò nan kategori pwa lou 100 kilo pandan ke Chinwa Tong Wen ranpòte meday dò nan 78 kilo feminen

Nan tablo meday yo Etazuni nan tèt ploton an ak 46 meday pami yo 14 an ò. Chinwa yo ki klase 2 zièm ak yon total 40 meday men yo ranmase plis meday an ò ke ameriken yo ak yon total 26 lò. Answit nou jwen Ostrali, la Rusi, Kore du Sud, la Frans ak Almay. Pou Karayib la nou jwen Kuba ak yon total 8 meday.

Foutbòl/ Koup du Mond

Etazuni publiye lis jwè kap fè pati seleksyon ki pral rankontre Gwatemala nan semi final match kalifikatif koup du mond zòn KONKAKAF LA. Pifò jwè yo ap evolye sou kontinan Eropeyen an.

Tenis

Ameriken Andy Roddick kalifye pou kar de final tounwa tenis Legg Mason nan kap dewoule isit Washington apre li kale arjanten Edouardo Schwank 4-6, 6-4, 7-6 pou l al rankontre Sèb Viktor Troicki.

XS
SM
MD
LG