Accessibility links

Breaking News

Vizit Yon Delegasyon Sosyo-Pwofesyonèl Ayisyen Nan Washington


Yon delegasyon sosyo-pwofesyonèl ayisyen (ki gen 8 manm) ap patisipe nan yon pwogram echanj entènasyonal izit Etazini ke Depatman Deta patwone. Delegasyon an deja patisipe nan plizyè seminè isit Washington son fonksyonman gouvènman ameriken an nan nivo federal, eta, awondisman ak komin.

Gwoup vizitè sa yo te nan VOA mèkredi 13 out la e nou te fè yon ti koze ak yo pou oditè yo. Pa egzanp, Darius Denis se enspektè Jidisyè nan Ministè la Jistis ann Ayiti. Li di nou seminè sa a pèmèt li swiv de prè fason otorite ameriken yo travay ansanm, san yon pouvwa pa anpyete sou jiridiksyon lòt la.

Kèk òganizasyon entènasyonal (tankou Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal (USAID) ap finanse yon seri pwojè nan pwovens yo ann Ayiti. Ti Gwav se youn nan vil ki benefisye pwogram sa yo. Emmanuella Osselin Pierre-Louis, majistra-adjwen vil la, di nou aspè pozitif pwogram sa yo se travay yo kreye nan kominote a.

An plis de Washington delegasyon sosyo-pwofesyonèl sa a gen pou li vizite plizyè lòt vil amerikèn kote yap gen pou pataje eksperyans yo ak reprezantan òganizasyon sosyo-pwofesyonèl ameriken yo.

Manm delegasyon an se: Gary Delmour (Majistra Lenbe), Guercy Mouscardy (Majistra-adjwen Pòtoprens), Emmanuella Pierre-Louis Osselin (Majistra-adjwen Ti-Gwav), Jn-Frantz Théodat (Majistra Tabarre), Darius Denis (Ministè Jistis), Vernio Toussaint (Radio Lumière), Gélès Séjour (Radio Anacaona) epi Suzette Barrochin (Radio-Tele Venus).

Fè klik sou ralonj ki anlè tèks la pou w tande repòtaj la.

XS
SM
MD
LG