Accessibility links

Breaking News

La Russie Dwe Chanje Kap nan Konfli Georgie a


Prezidan ameriken an, George Bush, di gen envidans ki endike La Russie ka ogmante wòl li nan konfli ki eklate nan Jòji a, e l' lanse apèl bay Moskou pou l' chanje "direksyon" e aksepte plan sesel'feu peyi ewopeyen yo ke gouvènman Tbilisi a deja fè konnen li aksepte. Mesye Bush kalifye aksyon russ yo nan Jeorji kòm yon konduit moun pa ka aksepte nan 21èm syèk la.

Prezidan Bush fè deklarasyon sa a nan Rose Garden lan nan lakou palè Mezon Blanch lan nan Washington D.C apre yon reinyon avèk ekip sekirite nasyonal li pou l' eksprime kè sote l' pou Moskou ogmante ofansiv li a plis toujou nan Jòji e eseye kapote gouvènman demokratik prezidan Mikhail Saakashvili a.

Nan yon deklarasyon twa minit, prezidan an eksprime kè kase li devan posibilite pou fòs russ yo kite zòn kote konfli lokalize nan Ossetie Di Sid kounye a epi tonbe atake vil Gori nan sant Jòji e mete anba menas kapital jòjyen an, Tbilisi, ou petèt bonbade ayewopò sivil Tbilisi a.

"si nouvèl sa yo ekzat, nap site prezidan George W. Bush, aksyon russ yo ka reprezante yon eskalad dramatik e brital nan konfli Jòji a. Kalte aksyon sa yo pap an'akò ak asirans nou resevwa nan men Larussi ki di objektif li yo se sèlman retabli "status quo" ki te ekziste nan Ossetie di Sid anvan lese frape ki eklate 6 out pase a.

Mesye Bush deklare "pou Larussi rete li anvayi yon peyi souvren epi menase gouvènman demokratik peyi sa a eli se konduit ki pa akseptab nan 21èm syèk la".

Lidè Jòji a aksepte kondisyon yon plan lapè ewopeyen Moskou te di anvan ke l' pre pou l' aksepte ansanm ak tout yon sesel'feu ki dwe antre an vigè tousuit, retrè twoup li yo nan zòn konfli a, sispan itilize lafòs e retounen nan pozisyon ki te ekziste semèn pase anvan lese-frape yo.

Prezidan Bush fè konnen gen medyatè ewopeyen ki rive Moskou, e li ajoute Larussi dwe chanje kap lap pran nan konfli a e aksepte plan seselfeu a.

Chèf Mezon Blanch lan pa endike ki konsekans sa ka genyen si Moskou pa tande apèl li a, men li lese kwè prestij Larussi sou plan entènasyonal byen chifonnen akòz sitiasyon sa a.

"Aksyon Larussi poze semèn sa a soulve anpil kesyon seryeu sou entansyon li nan Jòji e nan rejyon an. Zak sa yo fè ase dega deja sou statu Larussi nan lemond...e zak sa yo mete andanje relasyon Moskou avèk Lèzetazuni e avèk Ewòp la. Li tan pou Larussi respekte pawòl li e mete fen nan kriz sa a" (deklarasyon prezidan Bush).

Lendi maten, sekretè d'Eta Condoleezza Rice ak lòt minis afè etranjè gwoup 7 lòt nasyon endistriyèl yo te apiye efò medyasyon Unyon Ewopeyèn nan pandan yon telekonferans pa satelit.

Yon gwo responsab Depatman d'Eta ki pale ak jounalis yo di responsabilite Larussi nan kriz la pi gwo lontan pase responsabilite Jòji... li voye jete deklarasyon Moskou kòmkwa twoup li yo senpleman ap reponn pwovokasyon jòjyen yo. Diplomat la di se yon deklarasyon "rizib" deklarasyon sa a.

Pentagòn nan fè konnen li rapatriye 2 mil sòlda Jòji te genyen nan Irak yo nan kad antant Depatman Defans lan te pase ak Jòji.

Anvan sa, Depatman d'Eta te voye jete yon akizasyon Larusii ki di pa le fèt Lèzetazuni rapatriye sòlda jòjyen yo se kòmkidire Lèzetazuni foure pye l' nan konfli a.

Yon gwo diplomat ameriken, vis asistan sekretè d'Eta pou afè ewopeyèn yo, Matthew Bryza, pran avyon pou Tbilisi kote li dwe al koòdone kontak Lèzetazuni ak gouvènman jòjyen an e ede fasilite demach medyasyon yo.

XS
SM
MD
LG