Accessibility links

Breaking News

Negosyasyon ap Kontinye ant Senatè yo ak Premye Minis Ratifye, Mme. Michèle D. Pierre-Louis


Prezidan Sena Ayisyen an, Kelly Bastien, di premye minis ratifye Michèle D. Pierre-Louis fè chita-pale vandredi 8 out la avèk li e avèk kèk senatè pati Lespwa pou diskute ak pati politik ki reprezante nan palman an sou fòmasyon pwochen administrasyon li dwe mete sou pye apre ratifikasyon énoncé politik jeneral li.

Sepandan, msye Bastien ekzòte pati an prezans yo rakousi negosyasyon yo paske sitiasyon an ijan nan peyi Dayiti ki pa genyen yon gouvènman reyèlman kap fonksyonen depi apeprè 4 mwa, apre Sena a te revoke premye minis Jacques Edouard Alexis.

Yon lòt kote, apre manda "pote-prezante" komisè gouvènman nan Pakè tribinal sivil Pòtoprens lan, mèt Claudy Gassant, lanse kont Frantz Georges, komisè polis Pétion-Ville la (yon katye nan sektè lès kapital, Pòtoprens) senatè Kelly Bastien envite prezidan René Préval dwe di kichòy nan sitiasyon sa a ki sanble yon lit ant 2 enstitisyon (Polis ak Lajistis) ki sipoze travay men nan men.

Fè klik sou ralonj ki anlè atik la pou n' koute detay nouvèl yo ak jounalis e korespondan Sèvis Kreyòl la.

XS
SM
MD
LG