Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Premye Minis Ratifye a Kapab Prezante Politik Jeneral li Nan Yon Semèn


Pòt-pawol CPP (Konsètasyon Palmantè Pwogresis yo) Depite Lucas Saint-Vil, ki tap reyaji sou negosyasyon k'ap fèt ant Prezidan René Préval, Premye Minis ratifye a, Michèle Pierre-Louis, ak pati politik yo, fè konnen CPP ap travay ak pati konsène yo pou prezantasyon enonse politik jeneral la fèt nan 8 jou -swa Jedi 14 Out pwochen. Msye St-Vil raple ke CPP pa enterese nan pòs nan Kabinè a.

Yon lòt kote, Fon Monetè Entènasyonal, nan vwa reprezantan ni ann Ayiti Hugo Fassano, byen akeyi ratifikasyon Madam Pierre-Louis a.

2 pèsonalite sa yo, Lucas St-Vil ak Hugo Fassano, te reponn kesyon Jn-Pierre Leroy. Pou w koute deklarasyon yo, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG