Accessibility links

Breaking News

2 Seleksyon Foutbòl Ayiti nan Semi Final


Foutbòl / KONKAKAF

Nan Trinidad--seleksyon U-17 Ayiti krabinen Sen Vensan e Grenadines 6 a 0 pou l kalifye nan semi final tounwa foutbòl Karayib la. Trinidad kalifye pou semi final tounwa a apre li wouze Republik Dominikè n 3 a 0. Jamayik kalifye apre li elimine Gwadeloup 3 a 1.. Kuba kale Bermud 2 a 0. Jamayiken yo ap rankontre Trinidad nan semi final la kap kòmanse demen Vandredi a, Ayiti ap rankontre Kuba nan lòt semi final la.
Lakay minim feminen yo semi final ap mete bab pou bab jodi a Ayiti kont Trinidad and Tobago epi Bahamas kont Jamayik.

Foutbòl / Olenpik

Nan Je zolenpik yo Honduras tonbe devan Itali 3 a 0 nan group D a. Nan group C a Brezil ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 decan Bèljik epi Etazuni ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 fas a Japon. Nan group A a Ostrali fè match nul1 a 1 ak Sèbi pandan ke Arjantin domine Kot Divwar 2 a 1. La Chin fè match nul 1 a 1 ak Nouvèl Zeland. Kameroun fè match nul 1 a 1 ak Kore du Sud.

Olenpik / US


Komite Olenpik ameriken an anonse ameriken dorijin Soudanè Lopez Lomong ap pote drapo ameriken pandan seremoni douvètu je zolenpik Peken yo kap kòmanse demen Vandredi a. Lomong ap reprezante Etazuni nan kous 1500 mèt la.
Jimnaz ameriken Morgan Hamm anonse jodi a li pap patisipe nan ekip jimnastik ameriken an akoz yon blesu ki rann difisil ede ameriken yo ranpòte yon meday. 28 Juyè Paul Hamm-se frè jumo te fè menm anons la.
Chèf Misyon delegasyon ayisyen an Guy Dumesle anonse Judoka ayisyen Joel Brutus ap pote drapo bikolor-la.


Foutbòl / Eròp


Klub Belarus Bate Borisov kalifye pou 3 zièm tou lig chanpyon Eropeyen an apre li elimine klub Bèlj Anderlech gras ak yon match nul 2 a 2.

Tribunal abritraj spòtif la fè konnen klub yo gen dwa anpeche libere foutbolè mwen se 23 zan pou l yal patisipe nan je zolenpik yo kontrèman ak pozisyon FIFA sou refu Werder de Brèm Shalke 04 ak F C Barselòn ki pat vle libere jwè yo.
An match amikal entènasyonal FC Barselòn wouze New York Red Bulls ap swif 6 a 2 an preparasyon ak ouvètu sezon footbal espayòl la.
Klub alman yo dakò pou Diego ak Rafina jwen pou Brezil si gen garanti jwè yo gen asurans nan ka yo ta blese pandan yon rankont football. Brezil ap rankontre Bèljik jodi a nan ouvètu tounwa a. FIFA, ki di li respekte desizyon tribunal la, te mande liberasyon jwè akoz li kwè je zolempik yo pa fè pati kalandriye rankont entènasyonal akoz jwè konsène yo gen mwens de 23 zan aloske match entènasyonal yo konsènen tout footballè.

Klub football alman Bayern de Munik nonmen footbalè franse Franck Ribery kòm footballè pou ane a dapre yon sondaj magazin spòtif kicker reyalize.

Foutbòl / USA

Klub foutbòl zèpòl kare ameriken Green Bay Packers jwen yon antant pou l boukante ansyen kwatè bak ekip la Brett Favre ak New York Jets.

Volebòl / Brezil

Mwatye seleksyon nasyonal volebòl de plaj Brezil la pap patisipe nan je zolenpik Peken yo akoz yon seri de doulè ak blesu yap soufri.

XS
SM
MD
LG