Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Pozitif Nan Diaspora a Apre Ratifikasyon Premye Minis Ayiti a


Anpil reyaksyon ap tonbe nan Diaspora a apre ratifikasyon Madam Michèle D. Pierre-Louis nan Sena ayisyen an pou pòs Premye Minis la. An jeneral, reyaksyon sa yo pozitif. Anmenmtan, gen lidè kominotè ki mande pou pwochen Chèf Gouvènman an tabli yon veritab dyalòg nasyonal, pou takle gwo kriz k'ap sakaje sosyste ayisyèn nan.

Korespondan nou nan eta Florid Yves Mompremier te pwomennen mikwo li atravè rejyon sid ak sant eta a e li ranmase plizyè kòmantè sou viktwa Madam Pierre-Louis nan Palman an, apre anpil deba, kritik, ak pale anpil. Youn nan moun ki te reponn kesyon n yo se Direktris òganizasyon FANM, Fanm Ayisyen Nan Miami, Marlène Bastien.

Pou w ka koute repòtaj Yves la, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG