Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Ratifye Premye Minis Deziye Michèle Duvivier Pierre-Louis


Chanm Sena a apwouve jedi apre midi (31 jiyè) Michèle D. Pierre-Louis kòm chèf pwochen gouvèman peyi Dayiti--yon devlopman ki ka vin mete yon pwen final nan enpas politik ki ekziste depi apeprè 3 mwa nan repiblik karibeyen an. Senatè yo ratifye ekonomis e pwofesè Pierre-Louis avèk yon vòt 12 pou e 0 vwa kont. Madam Pierre-Louis pral ranplase premye minis sòtan Jacques Edouard Alexis ke menem sena a te voye ale nan mwa Avril 2008 la apre yon seri manifetasyon vyolan kont lavi chè. Omwen 6 kretyen-vivan, plis yon sòlda mentyen lap Nasyonzini, te pèdi lavi yo nan evènman sa yo. Prezidan René Préval te soumèt deja 2 pèsonalite pou okipe pòs premye minis la, men palman ayisyen an te rejte tou lè 2.

Kounye a madan Michèle D.Pierre-Louis genyen pou 'l prezantante deklarasyon politik jeneral li ke tou 2 chanm ki fòme Asanble Nasyonal la dwe apwouve anvan pou l' ka fòme pwochen gouvènman an. Si 2 chanm yo apwouve deklarasyon politik jeneral li, Michèle Duvivier Pierre-Louis pral tounen dezyèm dam ki okipe fonksyon premye minis an Ayiti apre madam Claudette Werleigh e twazyèm fi kap jere pouvwa a nan nasyon karibeyen an apre ansyèn prezidant Ertha Pascal-Trouillot.

XS
SM
MD
LG