Accessibility links

Breaking News

Irak ap Patisipe nan Je Zolenpik yo


Je Zolenpik / Irak

Komite Olenpik Entènasyonal la leve entèdiksyon li te enpoze pou Irak pat patisipe nan Je Zolenpik yo-desizyon kap pèmèt Irak patisipe nan je zolenpik Peken yo. Responsab Komite Olenpik Entènasyonal la di yo leve entèdiksyon an apre gouvènman Irakyen an pwomèt pou l pa entèfere ankò nan zafè entèn komite Olenpik nasyonal la. Jodi a se dat pou soumèt non kourè kap patisipe nan konpetisyon atletis. Gen lòt atlèt Irakyen kap patisipe nan lòt disiplin malgre delè enskripsyon an pase.

FIFA/ Je Zolenpik

FIFA anonse tout klub yo dwe libere tout footbalè ki gen ke mwens de 23 zan pou yo kapab patisipe nan Je Zolenpik yo. FIFA di se yon règleman ki ekziste depi lontan. Klub Alman Shalke 04, FC Barselòn ak Werder de Brem di pa gen sa pyès .Selon klub sa yo match je zolenpik yo pa fè pati kalandriye entènasyonal FIFA. Klub yo kapab ale an apèl ak desizyon FIFA a devan tribunal abitraj spòtif la nan vil Lauzann nan peyi Lasuis. Dènye nouvèl-yo fè konnen Juan Laporta , prezidan FC Barselòn, otorize arjanten Lionnel Messi pran avyon petèt demen jedi-a pou ale an Chinn pou-l lal rejwenn Arjantinn ki deja ap antrene lòt bò-a. Sepandan Laporta ap pote ka-a kanmenm devan Tribunal-la . Si li genyen Messi ap tounen ...si non lap rete jwe Olempik-yo. Jodi-a FC Barselòn ap jwe yon match amikal kont Fiorentina ann Itali.

Basketball
Nan match amikal pou preparasyon jeu Peken-yo-. Nan baskètbòl, Iran kale Sèbi 70-72; Avan sa--a Iran te pèdu 71 a 81 devan Arjantinn.


Cyclisme

Jodi mèkredi-a sikis italyen Ricco Riccardo , ki kontwole pozitif pandan Tour de Frans-la, te avwe li te konsome pandan Tour-la, yon substans entèdi. Riccardo di se yon “erreur de jeunesse” . Li te santi-l mantalman e fizikman fatigé anvan konpetisyon-an.

Jimnastik / USA

Jimnas ameriken Morgan Hamm ap patisipe nan je zolenpik yo malgre li teste pozitif pou substans entèdi nan spò
Federasyon Jimnastik Entènasyonal la santi avètisman publik ajans anti dopaj ameriken an te lanse sufi donk li pa prale an apèl pou ta gen plis sanksyon ki pran kont atlèt la.

Tennis

Toounwa tenis Cincinatti vinn gen yon enpötan patikulye akoz posibilite pou Rafael Nadal pran numewo 1-nannan men susi Roger Fererer. An palan de Roger Federer...enbyen yè swys-la tranble e li sove de justès devan ameriken Robby Ginepri. Skò final 2 sèt a 1 : 6-7 , 7-6, 6-0.

Football/ Super Liga

Premye semi final Super lig la ant 4 klub ameriken ak 4 klub Meksiken dewoule yè swa ak yon viktwa 2 a 0 Houston Dinamo ranpòte devan klub Meksiken Pachuka.
Houston Dinamo ap rankontre an final ak venkè rankont lòt semi final la kap jwe aswè a ant New England Revolution ak klub Meksiken Atlante.


XS
SM
MD
LG