Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ayisyen an Aksepte Entegrasyon Pati Politik yo Nan Pwochen Gouvènman an


Ayiti: Negosyason ant Pouvwa Ekzekitif la ak Sena a sou ratifikasyon chwa Premye Minis deziye a, Michèle Duvivier Pierre-Louis ap rapouswiv. Prezidan ayisyen an René Préval aksepte entegre pati politik yo nan pwochen gouvènman an. Senatè Youri Latortue di Lavwadlamerik 4 nan gwoup 9 senatè yo te patisipe nan negosyasyon yo yè apremidi.

Senatè Evalière Beauplan, ki pat patisipe nan rankont la, di Lavwadlamerik sa pa angaje 5 lòt senatè gwoup 9 la ki ekzije yon deklarasyon piblic madam Pierre-Louis nan radyo ki gen a wè ak moralite li.

Senatè Latortue ak Senatè Beauplan reponn kesyon Jn-Pierre Leroy. Ou ka tande yo si w fè klik sou ralonj ki anlè tèks la.

XS
SM
MD
LG