Accessibility links

Breaking News

Preparatif pou Je Zolenpik yo ap Rapousib


Olympik / Football

Seleksyon olenpik football arjanten an ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Japon nan kad yon match chofe jarèt 2 ekip yo jwe avan je zolenpik Peken yo kap kòmanse 8 Out kap vini la a. Move tan te kanpe rankont la nan 83 zièm minit 2 zièm mitan an.
Japon trouve l nan group B a ak Nijerya, Etazuni ak la Oland. Aloske Arjanten yo nan group A a ak Kot Divwar, Ostrali ak Sèbi.
Seleksyon feminen Japonè a wouze meda m Arjanten yo ak yon swif 2 a 0. Meda m Japonè yo nan group G a ansanm ak Nouvèl Zeland, Etazuni, La Norvèj ak Nouvèl Zeland pandan ke arjantin nan group E a ak òganizatè konpetisyon an la Chin, la Swèd ak Kanada.

FIFA/ Etyopi

Komite durjans FIFAa suspann Federasyon Football Etyopi a apre yo pa rive respekte akò mwa Fevriye sou kalandriye asanble jeneral ak objektif pou konsidere rezon revokasyon prezidan federasyon an.. Biwo federasyon an pa sou kontwòl nouvo otorite yo.
Suspansyon an vle di Etyopi kapab rate patisipasyon nan eliminasyon koup du mond 2010 la ak koup dAfrik dè Nasyon an kont Maròk nan debu mwa Septanb nan. Suspansyon an antre an aplikasyon imedyatman.

Olenpik / Irak

Responsab yo nan gouvènman Irakyen an rive nan vil Lauza’n an Swis kote yo pral eseye konvenk Komite Olenpik Entènasyonal la pou retounen sou desizyon li pran pou l entèdi patisipasyon Irak nan Je Zolenpik yo.
Komite Olenpik Entènasyonal la te entèdi atlèt Irakyen patisipe nan je yo akoz entèferans gouvènman an nan zafè entèn komite a. Gouvènman an di rezon ki fè l revoke komite a se akoz korupsyon. Yon pòt pawòl delegasyon an fè konnen gouvènman an pral fè tout sa li kapab pou jwen yon akò san li pa di si responsab yo ap satisfè demand komite Olenpik entènasyonal la ki mande re-entegrasyon menm komite a.
Negosyasyon yo ap dewoule 24 trè avan delè ki fikse pou tout komite Olenpik soumèt non atlèt kap patisipe nan konpetisyon an. Si rezulta rankont la pozitif Irak ap gen 2 atlèt kap reprezante nan je yo.

Tennis

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer ak ansyen lejand Swedwa Bjorn Borg ap mete ansanm pou jwe yon match tenis doub nan Macau an Chin mwa Novanm kap vini la a.
Federer/ Borg, ki ranpòte 5 tit Wimbledon yo chak ap jwe kont ekip doub McEnroe ak swa Nadal ou byen James Blake kèlke swa peyi ki pèdu semi final koup Davis ant Espay ak Etazuni an Septanb.

UN/ Olenpik

Sekretè Jeneral Nasyonzuni an Ban Ki-moon mande tout pati ki enplike nan yon konfli ame pou sispann boukante kout za’m pandan 2 semen Je Zolenpik yo kap kòmanse 8 Out. Numewo 1 nasyonzuni an fè yon repo pandan 2 semen kapab demontre le mond antye posib. Apèl la lanse yè Lendi a nan moman Ban Ki-moon tap andose yon rezolisyon Asanble Jeneral Nasyonzuni an te adopte.


Olenpik/ Tikè

Komite òganizatè je zolenpik Peken 2008 yo anonse tout tikè finn vann. Se pou la premyè fwa nan istwa je zolenpik yo tout tikè yon konpetisyon vann san manke youn.


Chin / Olenpik

Sekretè deta ameriken an Condoleeza Rice rankontre isit Washington ak Minis Afè Etranjè chinwa Yang Jiechi pou pale de pwochen vwayaj Prezidan Bush pral fè nan vil Peken kote li pral asiste seremoni douvètu je zolempik yo ak lòt kesyon. Madan Rice pral nan tèt yon delegasyon ki prale an Chin le 24 Out pou patisipe nan seremoni klotu a 24 Out.

Atletis

Jimnas ameriken Paul Hamm anonse li pa patisipe nan je zolenpik yo ankò akoz pwoblèm li gen nan men ap anpeche defann tit li te ranpòte nan dènye je zolenpik yo.


US / Basketball


Seleksyon nasyonal basketball Etazuni an rive an Chin kote yo pral fini preparasyon pou je zolenpik yo. Ameriken yo gen pou rankontre nan yon match chofe jarèt kont Turki Jedi epi Lituani Vandredi nan Macau.Answit ameriken yo prale nan Shangai kote yo pral rankontre la Rusi Dimanch epi Ostrali Madi. 3 jwè pou pipiti seleksyon an ap soufri ak yon blesu.

Cyclisme/ Dopaj


Siklis Italyen Marta Bastianelli teste pozitif pou uzaj yon substans entèdi- rezulta ki mete an je patisipasyon nan je zolenpik yo.

XS
SM
MD
LG