Accessibility links

Breaking News

Omwen Trant Moun Mouri Nan Yon Terib Aksidan Machin Toupre Vil Cavaillon


29 moun pou pi piti pèdi lavi yo samdi nan yon kokenn aksidan sikilasyon nan lokalite Zoranger, nan zòn vil Cavaillon, nan rejyon sidwès peyi Dayiti. 60 lòt blese nan aksidan sa a, lè yon kamyon ki tap transpote moun ak machandiz pèdi fren e al antre nan plizyè veyikil ki te kanpe arebò wout la pou pèmèt machin kap vini nan lòt sans lan pase akòz gravye ak tè lapli pote jennen sikilasyon an. Dapre nouvèl ki sòti nan divès sous ta genyen plis pase 30 mò, paske genyen anpil blese grav ke yo oblije transpòte nan lopital jeneral nan vil Okay ak nan lopital Bonne Fin an, toujou nan Okay, ki ka pa chape. Vil Les Cayes sitiye sou yon distans 196 kilomèt ak vil Pòtoprens, kapital Ayiti.

XS
SM
MD
LG