Accessibility links

Breaking News

Lig Football Balonwon Ameriken pral gen 18 Klub


Football/ MLS

Lig football balonwon ameriken an ajoute 2 lòt ekip nan lig pwofesyonèl premyè divizyon ameriken an pou fè total la rive a 18 klub an 2011.
Anons la fèt apre rankont komite ekzekutif MLS la te fè. 2 nouvo klub yo vinn ajoute sou 2 lòt kap kòmanse an 2009 nan Seattle epi an 2010 nan Philadelphi pou mete lig football pwofesyonèl ameriken an ak yon total 18 konpare ak 14 ki ekziste kounye a.
Prezidan Lig football la Don Garber anonse posibilite pou ajoute lòt klub nan Atlanta, Las Vegas, Montreal Kanada-yon 2 zièm klub nan vil New York, Ottawa, Portland, Oregon ak Vancouver epi British of Colonbia. Lig football ameriken an gen 13 zan depi li ekziste.

Meksiken Cuautemoc Blanco make yon gòl e fè yon pas pou make yon lòt gòl pou pèmèt seleksyon tout vedèt lig football ameriken an ranpòte yon viktwa 3 a 2 fas ak klub Angle West Hamm United yè swa nan Toronto Kanada. David Beckham, ki te tout rankont la, fè yon pas ki make gòl tou.

West Hamm te deja kale Colombus Crew 3 a 1 Dimanch dènye nan kad yon match amikal nan Ohio kote fanatik 2 ekip yo te boukante kout pwen.

Caleb Campbell ke Detroit Lions te seleksyone pap kapab jwe pou klub pou 2 zan edmi pou pipiti akoz angajman li genyen ak fòs ame ameriken an. Campbell ki se 2 zièm lyetnan nan Lame a gen pou l pase 2 zan edmi nan sèvis aktif.

Cyclisme

Siklis franse Sylvain Chavanel ranpòte 19 vièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la pandan ke espayòl Carlos Sastre toujou nan tèt klasman jeneral ak 1 minit 24 sekond nan moman manke 2 etap pou konpetisyon an fini Dimanch nan vil Pari.
20 tièm etap la, ki fikse pou demen Samdi a, ap kouvri 53 kilomèt nan yon kous endividuèl kap soti nan Cyril pou rive nan Saint Amand-Montrond.

Tennis

Sèb Jelena Jankovic ap rankontre Rus Nadia Petrova ak franse Dinara Safina kont Belarus Viktoria Azarenka nan kar de final tounwa tenis East West Bank Klasik la kap dewoule nan Carson an Kalifòni. Italyen Flavia Pennetta ap rankontre Otrichyen Sybille Bammer. Bethanie Mattek kont chinwa Meng Yuan.
Venkè tounwa a ap ranpòte 95 mil 500 dola.

Numewo 2 tenis mondyal la espayòl Rafael Nadal ap rankontre franse Richard Gasquet epi Sèb Novak Djokovic ap jwe kont Britanik Andy Murray nan kar de final koup Rogers la kap dewoule nan Toronto O Kanada.
Lòt match yo ap mete bab pou bab franse Gilles Simon, ki elimine swis Roger Federer kont Kwat Marin Cilic epi ameriken James Blake kont Alman Nicolas Kiefer

Alman Julia Goerges suprann Slovèn Katarina Srebotnik ak yon viktwa 6-4, 6-2 pou l kalifye nan kar de final tounwa tenis Sloveni a. Georges pral rankontre Kwat Petra Martic. Rus Elena Bovina suprann franse Camille Pin ak 3 kout rankèt 6-3, 5-7, 7-6 pou l kalifye nan elit 8 la.

Chine/ Olympic

Plizyè dizè n milye fanatik ranmase rès tikè ki te disponib pou je zolenpik Peken yo apre yo pase tout nwit la ap tann. Otorite chinwa yo dejan vann 7 milyon tikè pou konpetisyon an kap kòmanse ofisyèlman 8 Out. Pri yo varye ant 4 a 600 dola ameriken.

Pou la premyè fwa la Chin ap gen yon gwo delegasyon atlèt kap patisipe nan je zolenpik yo yap òganize ak yon total 639 atlèt nan 28 disiplin.
165 atlèt te patisipe nan je zolenpik Atè n yo an 2004 pandan ke 40 lòt te prezan nan je zolenpik Sidne 2000 yo. Delegasyon an ap gen 460 antrenè pou mete total la rive a mil 100. Chinwa yo pral chache depase 32 meday dò yo te ranpòte nan je zolenpik Atè n yo swa 4 meday an mwens ke Etazuni.

La polis nan Shangai anonse demantèlman yon konplo ki te vize je zolenpik yo.. Pa gen lòt enfòmasyon ki disponib sou desant de lye Shangai la kote 12 match football gen pou dewoule.

Basketball

Lig basketball feminen ameriken an suspann ekip Detroit Shock ak Los Anjeles pou patisipasyon yo nan yon deblozaj pandan yon rankont Madi pase a. Suspansyon yo varye ant 4 match ak 1 match e li afkete 11 jwè ak antrenè. Dezòd la pete nan menm enstalasyon spòtif kote yon deblozaj te pete ant Detroit Pistons ak Indiana Pacers an 2004 ant fanatik ak jwè.

2 kondisip ansyen abit NBA Tim Donaghy kondane pou pase 15 mwa nan prizon pou patisipasyon nan paryaj nan yon seri de match abit Donathy tap dirije. 3 mesye yo gen pou ranbouse NBA a plis pase 200 mil dola.
Lig la te reklame plis pase 1 milyon dola pou frè legal ak yon pati nan salè abit Donaghy ki nan sant eskandal la. Abit Donaghy, kite konn parye sou match lap dirije, kapab pase 33 mwa prizon, lè tribunal la ap pwononse l sou dosye a Madi.

Volebòl

Etazuni kale la Polòy 3 set a 2 nan chanpyona du mond Volebòl kap dewoule O Brezil. Etazuni bezwen yon lòt viktwa si l vle kalifye pou semi final la akondisyon Sèbi kale la Polòy nan dènye match group F la.

Brezil ak la Rusi ap domine group E a apre viktwa yo ranpòte.







XS
SM
MD
LG