Accessibility links

Breaking News

Senatè Barack Obama Pran Lapawòl Nan Vil Berlin, An' Almay


Kandida demokrat alaprezidans Etazini an, Barack Obama, pran lapawòl devan plizyè dizèn milye moun nan kapital Almay la, Berlin, jedi 24 jiyè 2008 la--etap pi espektakilè nan virewon ki kondi l' nan Mwayen-Noryan an e sou kontinan Ewopeyen an. Vwayaj entènasyonal Obama a atire atansyon lemond antye sou senatè Illinois la e oblije rival repibliken li an, senatè John McCain, ap chèche mwayen pou wè ki jan li ka fè mesaj li pase nan près amerikèn ki mobilize pou kouvri deplasman kandida demokrat la. Yon korespondans Jim Malone nan Washington.

Diskou senatè Obama a te genyen gabari yon diskou prezidansyèl, eksepte msye poko menm resevwa ofisyèlman envestiti Pati Demokrat la--envestiti ki dwe dewoule mwa pwochen an.
"Moun Berlin, pèp atravè lemond, se moman nou an". Se tan pa nou an": deklarasyon Barack Obama.
Kandida a la prezidans Obama mande ewopeyen ak ameriken yo travay ansanm pou elimine teworism ak mouvman ekstremis kap soutni li an. Senatè Obama pran lapawòl devan plizyè dizèn milye moun ki te akeyi l' avèk anpil chalè nan vil Berlin, kote l' di yo "pa dwe gen oken miray ki divize alyie yo, kelke swa kote yo yé sou 2 bò Oseyan Atlantik la; pa dwe gen miray ant relijion ni ras yo. Msye Obama lanse apèl pou Ewòp la kanpe bò kote l' pou pote estabilite nan Afghanistan e kolabore pou mete yon pwen final nan lagè Iraq la.

Senatè demokrat Eta Illinois la deklare "mwen rekonèt gwo difikilte ki genyen nan Afghanistan, men peyi pa mwen ak peyi ewopeyen yo gen responsabilite pou yo wè ke premye misyon L'OTAN andeyò frontyè Lewòp fini sou yon suksè; pou pèp peyi Afghan an e pou sekurite nou tout, travay-la dwe fèt. Lèzetazini pa kapab fè travay la pou kont li". Senatè Obama pale tou sou vizion l' pou Lamerik e kouman Lèzetazini te atire papa l' akòz ideyal peyi sa a ki reponn aspirasion tout pèp pataje.

Se premye diskou ofisyèl kandida demokrat la nan kad yon virewon entènasional lap fè an'Ewòp e sòt fè nan rejyon Mwayen-Noryan an.


XS
SM
MD
LG