Blòk Dis la, Sena peyi Dayiti a, reyini madi apre midi pou diskite sou dosye ratifikasyon premye minis deziye Michèle Duvivier Pierre-Louis. Gwoup sa a se yon nouvo gwoup majoritè ki fòme sou stil blòk Koalisyon Palmantè Pwogresis (CPP) nan Chanm Depite a. Blòk Dis la fè chita-pale ak reprezantan pati politik ki nan Chanm Wot la pou yo defini estrateji yo dwe adopte lè yo va genyen pou vote sou rafikasyon madan Pierre-Louis e, si premye minis pwopoze a pase kap sa a, sou deklarasyon politik jeneral li. Apre premye obstak Michèle D. Pierre-Louis franchi nan Chanm Depite a semèn pase a, kote palmantè CPP yo apwouve chwa li, kounye a li rete 3 lòt ankò pou l' janbe: ratifikasyon nominasyon li nan Gran Kò a ak akseptasyon deklarasyon politik jeneral li nan tou de Chanm Palman ayisyen an.
Pou plis limyè sou devlopman sa a Sèvis Kreyòl la te pale ak Senatè Evalière Beauplan ki fè Pati Blòk Dis la.
Fè yon klik sou ralonj ki anlè tèks sa a pou devlopman tout nouvèl jodi 22 jiyè a.