Accessibility links

Breaking News

Peyi Sèbi Anonse Li Pral Ekstrade Radovan Karadzic Nan La Oland


Peyi Sèbi pral ekstrade ansyen lidè sèb bosnyak e sispèk nan krim lagè Radovan Karadzic pou l’al fè fas ak akizasyon jenosid ak krim kont limanite devan Tribinal Penal Entènasyonal la nan peyi La Oland. Otorite sèb yo anonse nouvèl la jodi madi a nan yon konferans-de-près yo bay nan vil Bèlgrad, yon jou apre yo te fè konnen yo mete men sou nèg yo te plis ap chache apre lagè Bosni an.

Sa gen 12 an depi Doktè Karadzic tap viv nan kache. Tribinal Entènasyonal La Hè a akize l ofisyèlman pou masak pa bann e pa pakèt ki te fèt pandan lagè Bosni an. Yon lòt gwo potanta nan konfli sa a, ansyen chèf lame sèb bosnyak la Ratko Mladic, toujou nan mawon.

Gen divès reyaksyon ki fèt apre arestasyon Radovan karadzic la. Ou ka koute yo si ou fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG