Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Ta dwe Pwononse l' Sou Sò Madan Michèle D. Pierre-Louis  Madi 22 Jiyè a


Prezidan Komisyon Ratifikasyon Sena ayisyen an, Michel Clérié, di Lavwad'lamerik li posib pou Komisyon an soumèt madi 22 jiyè a rapò li sou nominasyon madan Michèle Duvivier Pierre-Louis kòm pwochèn premyè minis Ayiti. Selon mesye Clérié, rapò a ka sòti swa madi swa mèkredi ou, pou pita, jedi. Suivan kantite senatè ki va prezan nan seyans votasyon an, madan Pierre-Louis ka bezwen ant nèf ak dis senatè pou vote anfavè'l pou l' pase kap Sena a ki genyen aktuèlman 18 manm akòz manda nèf senatè ki bout ak twa syèj ki "vid". Sena a genyen antou trant manm, swa twa pa Depatman.

Antretan, Sekretè General adjwen Oganizasyon Eta Ameriken yo, Albert Ramdin, nan yon entèviou li bay direktè Sèvis Kreyòl la, Ronald César, eksprime satisfaksyon li dèske Chanm Depite apwouve nominasyon madan Pierre-Louis e li di li espere Sena a va fè parèyman. Yon lòt kote, chire-pit la ap kontinye ant vil Miragoâne ak vil Anse-à-Veau, apre Vatican deside tabli dyosèz legliz katolik la nan dezyèm vil la olye nan Miragoâne ki se chèf-lye Depatman Nippes e non Anse-à-Veau.

Fè yon klik sou ralonj ki sou tèt atik sa pou devlopman rezime sa yo avèk jounalis Marie-Luce Pierre, Serge Rodriguez, Ronald César ak Yves Marie Jasmin.

XS
SM
MD
LG