Cyclisme
Siklis Britanik Mark Cavendish ranpòte ranpòte 13 zièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la ki kouvri yon distans 182 kilomèt. Ostralyen Cadel Evans toujou nan tèt klasman jeneral la ak yon sekond avans devan Luksambourjwa Frank Schleck ak ameriken Christian Vande Velde.
Football
Federasyon Football ameriken an publiye lis 18 jwè kap reprezante peyi nan je zolenpik kap kòmanse mwa pwochen an nan vil Peken an chin. Pami jwè ki figure sou lis la nou jwen Freddy Adu, Michael Bradley a Brian McBride. Kèk pami seleksyone yo fè pati seleksyon nasyonal seniò a ki gen pou jwe yon match kalifikatif koup du mond Afrik du Sud 2010 la kont Gwatemala nan menm moman je zolenpik yo ap dewoule. Polonè Peter Nowak se antrenè seleksyon olenpik la.
Senegal pilon-nen la Frans sou tir de penalite 2 a 1 nan koup du mond de plaj kap dewoule nan vil Marseille. 2 ekip yo te fini a egalite 5 a 5 pandan tan reglemantè a. Nan lòt rankont Urugwe danse sou Iran 6 a 1. Portugal wouze El Salvador 8 a 2. Itali pat bay seleksyon Zile Salomon yo ap swif 7 a 4. Jodi a Espay ap rankontre Brezil.
Pawòl kap pale ta fè konnen FIFA ap etudye posibilite pou koup du mond 2010 la ta jwe O Brezil si Afrik du Sud ta rankontre difikilte pou l òganize koup du mond la.
Seleksyon football feminen ameriken an seleksyone Lauren Cheney pou ranplace Abby Wambach ki blese pandan yon match amikal kont Brezil.
Demen Samdi a DC United ap akeyi Houston Dinamo nan mini chanpyona Super Liga a ant klub Meksiken ak klub ameriken.
Tennis
Otrichyen Jurgen Melzer ak Italyen Potito Starace kalifye pou semi final tounwa tenis Otrichyen an.
Supriz nan tounwa tenis kap dewoule nan Kwasi apre Arjantin Maximo Gonazales suprann kwat Ivo Karlovic 3-6, 6-3, 6-4 pou l al rankontre Kwat Roko Karanusic ki suprann Ivan Ljubicic pa abandon.
Atletisme
Atlèt Sud Afriken Oscar Pistorius ki gen 2 pye l koupe rate chans pou l ta reprezante peyi nan je zolenpik Peken yo apre otorite Sud Afrike yo pa seleksyone l nan ekip la jodi a.
Kourè de fon Britanik Dwain Chambers rate chans pou l patisipe nan je zolenpik yo tou apre yon tribunal wot kour de justis refuze ranvèse desizyon Asosyasyon Olenpik Britanik la te pran kont li. Otorite britanik yo sispann Chambers avi apre li te teste pozitif pou uzaj steroyid THG an Out 2003